Intexto

Yo ap anseye fransè bay imigran yo yon fason diferan

Jean Numa Goudou ·

Yo gen premye pri inovasyon Fon 1804 la ak « Mo yo pou konprann, pwojè yo pou aji » ki gen objektif ankouraje elèv yo nan lekti ak liv yo nan fòm jeneral.

Yo ap anseye fransè bay imigran yo yon fason diferan
Fabienne Télémaque, Véronic Clermont, Charlotte Steingue, Laurence Caron ak Édouard Staco. — Jean Numa Goudou

Laurence Caron, Charlotte Steingue ak Véronic Clermont ap rete kòm pwofesè nan 5yèm segondè yo depi 6 rive 12 ane nan lekòl Henri-Bourassa Montréal-Nord la. Klas yo yo ranpli nan 90% ak jèn imigran 2yèm jenerasyon yo, men tou ak jèn ki fèk rive nan peyi a ak yon "nivo angajman ki ba anpil ak priyorite sou lòt matye yo".

Elèv yo t ap neglije lang pale a e te gen yon pwoblèm konesans jeneral tou nan mitan yo. Yon ane pase, 50% nan yo t ap fè echèk nan egzamen ministè yo nan fransè.

Pwofesè yo t ap jwenn sa "difisil" e yo pran inisyativ yo pou yo kòmanse: "mo yo pou konprann, pwojè yo pou aji" ki gen pou objektif ankouraje elèv yo nan lekti ak nan fransè nan jesyèl. Pwojè a ap deroulé nan fòma atelye yo chak midi, nan lekòl la. Li vin tounen yon espas kote jèn yo vin esprime tèt yo sou kreyasyon yo ak dekouvèt liv yo, ak lòt bagay yo.

"Nan kite yo espas pawòl sa a, mwen aprann bagay sou tèt mwen", di Véronic Clermont nan entèvyou ak In Texto a. Yon elèv ki te gen pwoblèm nan aprann nan te kapab remonte pant lan gras ak yon slam ki t ap pale sou pwofiling rasyal. "Yo tout kapab fè gwo bagay nan lavi a", Charlotte Steingue ajoute nan pati li.

Yon eksplwa nan yon ane

Gras ak pwojè sa a ak yon nouvo apwòch, jèn ki soti nan imigraysyon yo te kapab pase nan 50% echèk yo rive nan yon to siksè 80% pou egzamen Ministè Edikasyon an. Atelye yo ki anime pa pwofesè yo yo vize non sèlman amelyorasyyon sentaks la, men tou ak sitou "devlopman lespri kritik la".

"Sa pran tan avan yo embarke, men lè yo fè sa, atelye nou yo ranpli ak elèv yo ap boukannen pou yo jwenn yon chèz" pwofesè Clermont lan rejwi. Travay nan atelye yo ka pwovoke diskisyon cho yo pafwa, menm kòlè, bagay pwofesè yo konsidere kòm "yon motè aprantisaj ki tèlman fantastik".

"Mwen, mwen vle elèv mwen yo kesyone, remèt nan kesyon sa m ap di a. Mwen vle deba ak mwen pa pè pou m gen tò, paske yo gen bagay pou yo aprann mwen", Véronic Clermont di.

Vivasité lespri adolesan yo yo fasine l ak pwofesè a wè yon opòtinite enkyayab nan sa yo eksprime, menm ak kòlè. "Yo kapab di m: mwen renmen osinon mwen pa renmen. Ak klarite sa a, mwen renmen l, paske li tèlman pi", estime amatè liv sa a ki te etidye nan literati avan li te fè so a nan ansèyman.

Pèseverans pwofesè yo

Nan kad Pri Inovasyon Pedagojik Fon 1804 (PIEF) la, ki kreye pa Fonds1804, pwojè yo a gen premye pri a e yo patisipe nan 11yèm gwo konvèsasyon òganizasyon an nan 22 fevrye ki sot pase a, nan Gran Bibliyotèk Montréal la.

PIEF la fèt nan yon dezi Fonds 1804 la pou li rekonèt pèsonèl ansèyman ki angaje nan siksè edikatif jèn yo. Depi plis pase 10 ane, Fonds 1804 ap entèvni ak jèn yo ak paran yo pou yo ankouraje pèseverans lekòl.

"Chèn ki t ap manke a se te pwofesè yo. Dènye yo dwe non sèlman fè prèv pèseverans nan chak jou, men ankouraje elèv yo pou yo fè menm bagay la ak kreativite yo ak angajman yo", Fon an endike nan yon kominikè ki gen rapò ak pri a.

PIEF la mete nan valè inisyativ ki nòvatè yo ki nan rich eksperyans aprantisaj la ak ki sipòte siksè elèv primè ak segondè yo nan lekòl piblik Québec yo.

An total, 16 pwojè yo te soumèt pa pwofesè primè ak segondè yo pou premye edisyon PIEF la.

Se pwojè ki gen sans ak ki gen yon enpak pozitif sou siksè jèn yo. Uit ladan yo yo te chwazi kòm finalis yo nan kad konkè a ki te vize detèmine twa lauréa yo. Yo te bay yon pri kè klik tou pa manm jiri yo.