Intexto

Diskriminasyon nan travay federal: pa gen akò amiab ak Nwa yo

Jean Numa Goudou ·

Gouvènman federal la te regle à l'amiable demann similè ki te fèt pa kominote LGBTQ+ yo, fanm yo, ak Otokton yo. « Nou menm ki Nwa yo, gouvènman an di non epi depanse lajan nou », se sa M. Babineau denonse.

Diskriminasyon nan travay federal: pa gen akò amiab ak Nwa yo
25 oktòb 2024 pandan odyans sètifikasyon rekous kolektif Nwa yo. — blackclassaction.ca

An 1980, lè li t ap antre nan Gendarmerie royale du Canada (GRC), Alain Babineau pa t jwenn sa fasil. Li sonje toujou premye entèvyou travay li a, sitou lè yo te mande li: kijan li ta reyaji fas ak kòmantè rasist?

Yon kesyon ki swiv li menm apre 30 an nan sèn lapolis federal la. Msye Babineau pran retrèt li epi li ap milite kounye a pou dwa sivil Nwa yo toupatou nan Kanada, sitou nan Kebèk.

Li se direktè plaidwari (frankofòn) nan Sekretarya Recours collectif noir ki reklame 2,6 milya dola nan Ottawa nan non apeprè 30 000 fonksyonè nwa, ansyen ak aktyèl, ki te pèdi «opòtinite ak avantaj» akoz etnisite yo, depi 1975.

Recours la te depoze an 2020 epi gwoup la toujou nan etap otorizasyon devan tribinal yo. Demann nan, ki te rejte an 2024, nan Cour d'appel fédéral kounye a. Yo se 14 demandè nan aksyon sa a kont divès òganis federal, ki gen ladan yo GRC, Douan yo, Service correctionnel, Justice, ant lòt yo.

« David kont Goliath »

A babineau.jpeg Ansyen polis GRC a Allain Babineau

Sèlman twa avoka reprezante Nwa yo nan Recours sa a, pandan gouvènman an gen yon batri impozan avoka nan dosye sa a.

« Se yon batay nan mannyè David kont Goliath, fè Alain Babineau remake, nou te dekouvri, atravè yon demann nan Chambre a ke gouvènman an te depanse 15 milyon jiska prezan pou defann tèt li. »

Ansyen ajan GRC a note ke atravè tan, federal la te regle amiab demann similè ki te fèt pa kominote LGBTQ+, fanm, ak Otòkton yo. « Nou menm Nwa yo, gouvènman an di non epi li depanse lajan nou », denonse Msye Babineau.

Poutan, gouvènman an aksepte kreye yon Komite sou Revizyon Lwa sou Ekite nan Anplwa. « Sa endike enplisite ke Ottawa admèt gen yon pwoblèm », souliye Alain Babineau.

Gwoup la fèk genyen yon lòt mach nan batay la. Commission canadienne des droits de la personne fèk voye, 27 fevriye dènye a, plent yo sou rasisn sistematik anti-nwa nan fonksyon piblik federal la bay Tribunal canadien des droits de la personne pou li fè ankèt.

« Pral gen yon pwosesis piblik ak endepandan pou etidye ka diskriminasyon nan anbauchaj, baryè nan pwomosyon, mezi disiplinè enjis ak ensidan arasmanm ki denonse pa fonksyonè nwa yo pandan dèzèn ane », endike, nan yon kominik, Alliance de la Fonction publique du Canada (AFPC).

Se apre Cour fédérale a te refize otorize recours collectif la ke plent lan te depoze. « Se yon pa desizif vè jistis pou fonksyonè nwa yo, ki ap lite kont rasisn nan travay depi jenerasyon », rejwi Sharon DeSousa, prezidant nasyonal AFPC.

Dokimante poutan

An vèti Lwa sou Aksè a Enfòmasyon, AFPC la te jwenn, an jiyè 2024, yon rapò entèn ki revele yon diskriminasyon flarant ak jeneral nan Bureau du Conseil privé (BCP). Sa dènye a dirije fonksyon piblik gouvènman federal la, pi gwo anplwayè nan peyi a, pandan lap sipòte premye minis la ak kabinè a.

« Nan sans sa, konstatasyion diskriminasyon flarant yo se bagay ki ekstrèmman toumante ak enkyetan pou popilasyon an » te endike Alliance la nan yon kominik.

Rapò a baze sou entèvyou ke Rachel Zellars, nan Université Saint Mary's, nan Halifax, te mennen. Li ekspoze yon klima travay kote esteyeyotip rasyal, mikwoagrèsyon ak vyolans vèbal dominan jiska pi wo ran yo, ansanm ak yon kilti omèta ak absans mekanis responsabilite.

« Olye pou yo atake rasisn nan fonksyon piblik la, pi wo enstans ki chaje pou konbat diskriminasyon an – Bureau du Conseil privé – kite bagay yo vin pi mal », endiye Sharon DeSousa, prezidant nasyonal AFPC.

Gouvènman an dwe woule manch li jan ijan pou mete fen nan diskriminasyon ak rasisn sistematik nan fonksyon piblik federal la.

BCP la te remèt Coalition la yon lis mezi li te pran depi difizyon entèn rapò a. Mezi sa yo temwaye yon sèten volonte pou mete an pratik rekòmandasyon yo, men yo pa ase solid pou regle pwoblèm sistematik ki dekri nan rapò a. Sa se san konte absans mezi konsènan plizyè rekòmandasyon kle yo.

AFPC egzije nan gouvènman federal la

  • Nominasyon yon komisè pou ekite pou Nwa yo pou atake rasisn sistematik anti-nwa nan tout nivo gouvènman an (aleks de de pòs ki chaje pou lit kont antisemitisn ak islamofòbi).
  • Rekonesans moun nwa yo kòm gwoup ekite, konfòmeman ak modifikasyon nan Lwa sou Ekite nan Anplwa yo te pwomèt an desanm 2023.
  • Règleman Recours collectif noir la pou dedwomaje fonksyonè nwa yo ki te viktim diskriminasyon pandan ane yo, jan anpil rapò federal yo konfime sa.