Intexto

Diskriminasyon nan Montréal-Nord: Christine Black fè pwen an

Rédaction Intexto ·

Majistrès Montréal-Nò a reponn kesyon nou yo.

Diskriminasyon nan Montréal-Nord: Christine Black fè pwen an

Egzakteman. Rapò yo te soti finalman nan mitan ane 2021. Mwen menm, mwen fèk akouche, donk mwen pa t' prezan lè rapò yo te pibliye. Apre sa, te gen kèk konsta — se pa t' alegasyon, se te fè — ki t'ap montre pwoblematik majè nan awondisман an konsènan atribiyon pwomosyon, [òganizasyon] travay, sanksyon ki te pran kont kèk moun, elatriye.

Yon gwo travay te kòmanse apre sa — men li te deja kòmanse, paske kòm administrasyon, menm lè ou mande pou yo fè yon rapò, lè ou bay manda a, sa pa anpeche nou travay pandan entèrim nan. Nou te deja kòmanse travay depi kòmansman sou tout sa ki te konsène ekite, divèsite ak enklizyon. Men se si rapò yo vin konfime kèk eleman ki te deja site, met mo sou sa ki te pase kay nou, rann sa pi konkrè. Avan, nou te nan « li di sa, nou di sa », elatriye. Men lè sa ekri klèman epi site nan yon rapò, pa ka gen okenn retoupaske pou di sa pa t' rive.

Nan kontèks sa a, mwen ta di te gen de demach an paralèl. Premye a: rekonstwi, travay sou sa ki vin apre, fè an sorte sitiyasyon sa yo pa repwodui. Dezyèm nan: tout sa ki te an rapò ak reparasyon. Donk, efektivman, kèk montan ki te bay via sendika a…

Koute / Gade