Intexto

Yon «Konsèy ministè» depi lekòl primè nan Montréal-Nord

Rédaction Intexto ·

Anseyan Kerline François ap eseye aprann elèv lekòl primè yo kijan sa fonksyone. Gen kèk nan yo ki pran gou li epi y ap chèche pi lwen nan domèn sa a.

Yon «Konsèy ministè» depi lekòl primè nan Montréal-Nord
Kerline François ap resevwa 2yèm pri Fonds1804 — J. N. Goudou

Kerline François ap anseye depi 25 an nan Commission scolaire e depi 17 an nan Cégep nan edikasyon timoun. Men politik la, byenke li pa fè l', li gen li nan san li gras ak papa l'.

Li eseye aprann elèv lekòl primè kijan sa fonksyone. Gen kèk ki pran gou li e k ap chmine ladan l'.

Pèseverans anseyan yo

Nan kad Pri Inovasyon Pedagojik Fonds 1804 (PIEF), ki te kreye pa Fonds1804, pwojè l' te remporte 2yèm pri e li te pran pa nan 11yèm gwo konvèsasyon òganis la le 22 fevriye dènye a, nan Grande bibliothèque de Montréal.

PIEF la te fèt soti nan yon dezi Fonds 1804 pou rekonèt pèsonèl anseyan ki angaje nan reyisit edikatif jèn yo. Depi plis pase 10 an, Fonds 1804 interveni bò kote jèn yo ak paran yo pou pwomouva pèseverans eskolè.

« Chayon ki te manke a se te anseyan yo. Sa yo dwe non sèlman montre pèseverans chak jou, men yo ankouraje elèv yo fè menm jan an tou grasa kreyativite yo ak angajman yo », endike Fonds la nan yon kominikasyon an rapò ak pri a.

PIEF la mete an valè inisyativ inovatè ki anrichi eksperyans aprantisaj la e ki sipòte reyisit elèv lekòl primè ak segondè nan lekòl piblik Québec yo.

An total, 16 pwojè te soumèt pa anseyan lekòl primè ak segondè pou premye edisyon PIEF la. Se pwojè ki gen sans e ki gen yon enpak pozitif sou reyisit jèn yo. Uit nan yo te chwazi kòm finalis nan kad konkou a ki te vize detèmine twa laurea. Yon pri koudkè te akòde tou pa manm jiri a.

Koute / Gade