Kanada: plizyè milye Ayisyen frape pa Lwa C-12 la
Rédaction Intexto ·
François Jean-Denis, espesyalis nan imigrason, ap eksplike ak analize jan nouvo lwa sa a kòmanse aplike a.

Demann azil moun ki antre nan Kanada ant pwen antre yo sou fwontyè tè Kanada-Etazini an epi ki fè demann lan apre 14 jou yo p ap voye bay Komisyon Imigrasyion ak Estati Refijye a (CISR). Lwa C-12 la te resevwa aksèptasyon wa a yè 26 mas la e donk li kòmanse aplike depi kounye a.
Lèjislasyon an menm gen yon efè retroaktif. Demann azil yo ki prezante plis pase yon ane apre yon moun te antre nan Kanada nan premye fwa a apre 24 jen 2020 an p ap voye bay CISR la tou. Epi sa a, "menm si moun nan te pati depi sa a epi li te tounen".
"Egzijans resevabilite nouvo yo ap diminye presyon an sou sistèm azil la, yo ap pwoteje li kont ogmantasyon briskom nan demann yo, yo ap konble twou yo epi yo ap dekouraje moun yo pou yo pa mande azil lè y ap sèvi ak mwayen sa a kòm yon kout chemen nan kote yo ka emigre regilyèman", Immigration Canada deklare nan yon kominikasyon.
Eksèpsyon nan règ la
Y ap bay ajan yo dirèktiv pou yo konsidere sikonstans espesyal timoun ki poko gen laj yo ki pa gen moun ak yo, paske yo pa gen yon gardyen legal.
Moun yo ki touche pa nouvo règ sa yo ap toujou gen aksè nan yon egzamen risk yo anvan yo voye yo tounen (ERAR) pou anpeche yo voye yo tounen nan yon peyi kote yo gen risk tankou pèsekisyon, tòti oswa lòt domaj yo.
Yon lòt kote tou, pa gen okenn chanjman yo fè nan aplikasyon Akò sou Twazyèm Peyi Pwotèje yo a. Moun ki prezante yon demann nan yon biwo fwontyè Kanada-Etazini oswa nan 14 jou apre yo antre pa règ lan yo kontinye voye tounen Etazini yo, sof si yo satisfè kondisyon yo pou yon eksèpsyon oswa yon egzèmpsyon.
Demann azil yo ki gen fanmi nan Kanada (papa, manman, matant, monnonk, neve oswa nyès) yo egzèmte nan mezi sa yo.
