Yo te bay pitit yo maladi a
Jean Numa Goudou ·
Tèks sa a te fè premye paj premye nimewo papye nou an nan mwa oktòb 2014. Toujou aktyèl. Anemi falsifòm.

Yon koudèy sou achiv nou yo sou In Texto
Yo renmen youn lòt ak yon lanmou fou, enkondisyonèl epi avèk yon konplisite san limit. Men Nice ak Wilson pote tou, an pati egal, yon bagay ki fatal pou pitit yo: 50% jèn yon maladi ki ra.
Yo rele yo «pòtè sen» anemi falsifòm. Se varyant ki pi kouran nan maladi grav emoglobin yo, ki lè li pèdi fòm nòmal li ka pwovoke doulè terib oswa ogmante risk enfeksyon tout kalite lè moun nan malad.
De moun ki renmen youn lòt anpil sa yo pa t konn anyen, absoliman anyen ditou. Se … premye pitit gason yo, ki fè yo aprann sa a de fason ki pi brital posib sis mwa apre nesans li.
Premye trezò yo kòmanse devlope nèmoni a répétisyon, enfeksyon plen ras. Yon kous kont la montre kòmanse pou geri li, pou kenbe pitit yo.
Anemi falsifòm
– Youn sou dis moun ki nwa gen jèn nan.
– Lè de paran yo se pòtè sen, gen 25% chans pitit la malad, 50% li pòtè sen epi 25% posibilite li an bon sante.
Nice ak Wilson pèdi batay sa a apre kat ane. Men, lagè a pa fini pou yo. Devan kesyon si yo ta ka lanse yo nan kous pou fè pitit si yo te konnen yo te «pòtè sen» maladi a, Wilson Sanon filozofe yon ti jan.
«Se sèten yon moun ki avèti vo de, li di, epi ou konnen jan yo di nan milye medikal la enfòmasyon vo plis pase preskipsyon», ajoute «Dr kouraj» jan laprès québécoise rele li pou lit li kont maladi a depi plis pase 10 an alòske li pa doktè.
Sepandan, li pale de li tankou yon vrè espesyalis sijè a.
Prezidan Association d'anémie falciforme du Québec la envite jodi a tout jèn koup ki ap panse pou fè pitit fè yon depistaj volontè pou yo konnen kote yo ye vrèman. Paske, «yon fanmi ak yon pitit ki malad se tout fanmi an ki malad», ajoute Nice St-Jean, madanm li.
La fwa
Malgre pèt premye pitit yo a ak tout sa yo aprann sou maladi a ak risk pou mete yon lòt pitit malad sou latè, koup Sanon an eseye chans yo twa lòt fwa olye yon sèl.
Epi yo reyalize twa probabilite genetik san an: pitit fi yo Priscille ki te malad (tranch 25%), men ki jodi a geri gras a yon operasyon peryè grèf mwèl oso… «ki fèt pòtè sen» (50%) epi… ki fèt ni pòtè ni malad (25%).
«Pou nou se pa t la fin mond lan, Nice rakonte jodi a, fanm timid sa a, men ki detèmine, nou te viv pito yon gwo eksperyans espirityèl kòm fanmi kretyen».
Epi andeyò fwa li ki pa janm brannen, Nice rekonèt li te pran chans ak Bondye nan jwèt aza genetik sa a, «Lè w ap jwe loto, ou pa janm panse w ap pèdi», li konklite.
