Montréal : « timoun sòlda » ak paran konplis
Jean Numa Goudou ·
« Plizyè nan jèn sa yo peye lwaye manman yo, papa yo, yon fason pou yo ka bay fanmi an anpil, epi yo enplike nan kriminalite », se sa chèf lapolis la di pandan reyinyon an.

Mèkredi 22 jiyè, chèf lapolis Montréal, Fady Dagher, rankontre popilasyon Montréal-Nord an rapò ak enplikasyon 16 polisye nan zak ki kondanab. «Nou te diskite ak sektè kominotè a, ak medya yo, reyinyon sa a se pou nou koulye a», li di yo.
De kominote te reprezante majorite: Ayisyen ak Maghrébin ki twa a kat fwa plis sibjè a entèpelasyon selon plizyè rapò chèchè. Epi yo te gen kesyon, pa an rapò dirèkteman ak evènman yo, men sou apwòch jeneral lapolis anvè yo.
Kesyon an rapò ak edikasyon yo vle bay pitit yo ak kontrènt sosyete akèy la nan domèn sa a. «Nou pè ke DPJ pran pitit nou yo, rezilta: yo tonbe nan men gang», yo di.
«Se yon kesyon delikat. Men edikasyon ou bay pitit ou yo, pa lage l. Se plis aspè fese a: NON», chèf SPVM a konseye. Fady Dagher an pwofite rakonte ankò eksperyans pèsonèl li yo, konsta li fè fas a jèn 12, 13, 14 an epi pafwa menm 9 an ki tonbe nan rezo kriminalite a.
«Plizyè nan jèn sa yo peye lwaye manman yo, papa yo, yon fason pou yo ka remèt fanmi an an pran pati nan kriminalite», chèf lapolis la lanse pandan reyinyon an.
«Se timoun sòlda, manipile pa granmoun ki, yo menm, pa manyen bagay sa yo», Fady Dagher ajoute.
Pandan reyinyon an, nou te eseye poze chèf lapolis la kesyon sa a: lè timoun yo pote sa yo piye lakay, èske paran yo konsidere kòm konplis?
Fady Dagher te refize pran kesyon an nan moman sa a. «Reyinyon an pa pou jounalis», li raple nou. Men sèvis kominikasyon li yo te reponn nou pa imèl, kèk jou apre.
«Dabò, li enpòtan pou note ke, pou yo konsidere yon moun kòm konplis yon krim, fòk li patisipe ladann yon fason oswa yon lòt», SPVM a presize.
«Nan majorite ka yo, paran yo pa konnen ki kote lajan sa a soti. Men li ka rive pafwa ke kèk ladan yo fè avègleman volontè», sèvis kominikasyon lapolis la admèt, san di sa k rive ak sa ki fè tankou yo pa t konnen se te lajan sal.
Fady Dagher te pale lontan, pandan reyinyon an, sou yon inite ki rele «Collectif» nan SPVM a. Se ekip SPVM a ki regwoupe polisyè fanm, polisyè gason ak pèsonèl sivil ki gen ekspètiz varyé: ankèt, rensèyman, jandam ak prevansyon.
«Wòl polisye yo se pou sensibilize epi bay paran yo zouti yo ansanm ak akonpayman nesesè pou mennen pitit yo soti nan sèk visye kriminalite a», SPVM a ensiste nan imèl repons li bay kesyon nou an.
Anplis, ekip sa yo mete aksan sou moun ki prezante konpòtman risk wo an matye vyolans ame. Yo entèvni nan represyon, men tou nan prevansyon an ofri moun sa yo — ki souvan se minè oswa jèn adilt — altènativ a vyolans lan, ak kolaborasyon paran yo ak patnè kominotè ak enstitisyonèl.
«Collectif» yo ale tou rankontre viktim resan oswa potansyèl pou evite zak vanjans.
