Lit kont rasis: Kebèk satisfè apre 5 lane aksyon
Lucmane Vieux ·
Kebèk pibliye rapò li ki gen apeprè 90 paj sou « RASIS NAN KEBÈK: ZERO TOLERANS ».

Nan kad Mwa Istwa Nwa yo, Kebèk pibliye rapò li ki gen anviwon 90 paj sou « RASIS NAN KEBÈK : ZEWO TOLERANS ». Se yon « Bilan final avansman yo ak reyalizasyon yo » Gwoup aksyon kont rasis yo te kreye an desanm 2020.
Se minis ki responsab Lit kont Rasis la kounye a, Christopher Skeete ki pote rapò a, pifò manm GACR yo, tankou Lionel Carmant, te kite politik la oswa CAQ la. Ansyen minis Nadine Girault menm mouri jodi a.
« Lit kont rasis la baze sou yon konviksyon senp, men esansyèl : chak moun dwe kapab santi tèt li totalman rekonèt epi respekte, kèlkeswa orijin li oswa koulè po li », endike minis Skeete nan mesaj li nan kad piblikasyon rapò a.
Dokiman an presize ke « tout 25 aksyon ki fòmile ladan yo te reyalize oswa yo nan pwosesis pou reyalize yo ».
Kèk chif
• An total, 11 ministè ak òganis (MO) te pote aksyon pou lite kont rasis.
• Se 180 M$ ki te envesti pou mete aksyon sa yo an aplikasyon,
• 25 rekòmandasyon yo te vize sektè entèvansyon priyorite tankou lojman, sekirite piblik, edikasyon ak anplwa.
Sou 25 aksyon yo te rekòmande, 12 vize lite kont rasis ki touche Premye Nasyon yo ak Inuit yo. Rapò a fè gwo souliye sou amelyorasyon yo nan kesyon pwofilaj rasyal, diskriminasyon nan lojman, nan anplwa, notanman prezans minorite vizib yo nan CA Sosyete Deta yo.
Soti nan anviwon 10% an 2020, « nouvo sib reprezantativite pou minorite vizib yo se 16,6% pou tout fonksyon piblik la ak 7,1% pou pèsonèl ankadman an » rapò a note. Nan dat 30 oktòb 2025:
• to prezans pou tout fonksyon piblik la pou manm minorite vizib yo te 16,1%, sa vle di ekivalan 96,9% sib 2028 la; • pou pèsonèl ankadman an, li te rive nan 8,1%, depase sib inisyal la, sa vle di ekivalan 114,1% sib 2028 la.
Nan kesyon pwofilaj rasyal, gwoup kominotè yo ka fwote men yo gras ak nouvo liy dirèktris ministè Sekirite Piblik la ki vin ankadre entèpelasyon polisye aleyatwa atravè Kebèk.
_« Li entèdi tout polisye fè entèpelasyon polisye, enkli entèsepsyon woutye selon atik 636 CSR la, nan fason abitrè oswa ki baze sou motif diskriminasyon oswa motif oblik. » Pwen 7 Liy dirèktris la.
Antre an vigè epi pibliye 5 desanm 2023, Liy dirèktris la gen objektif prevni tout fòm pwofilaj rasyal ak sosyal pandan entèpelasyon polisye yo, enkli entèsepsyon woutye yo fèt selon atik 636 Kòd sekirite woutye a (C.s.r.), nan bi kenbe yon nivo konfyans wo nan popilasyon an anvè polisye yo ak kò polis yo.
Ogmantasyon plent nan lojman
Si gouvènman an reyisi fè tansyon an desann nan kesyon pwofilaj, an revanj, plent yo nan kesyon diskriminasyon nan lojman ap ogmante, rapò a deplore. Soti 1642 an 2022-2023 kantite grievans yo te monte rive 2407 ane pase a.
Kebèk di yo te ranfòse kapasite Komisyon dwa moun ak dwa jèn yo (CDPDJ) nan kesyon tretman ka yo, sa ki te pèmèt redui delè yo soti 13 mwa rive 9 mwa.
Rapò a pale tou sou travay yo nan kesyon rekonesans diplòm moun imigran yo.
