Intexto

Konjedisman nan SPVM: Sommet afro vle yon ankèt piblik sou pwofilaj rasyal

Jean Numa Goudou ·

« Yon kesyon fondamantal rete : ki sa ki garanti ke policye sa yo p ap kapab kontinye karyè yo nan yon lòt kò lapolis? », se mande prezidan Sommet la, Édouard Staco.

Konjedisman nan SPVM: Sommet afro vle yon ankèt piblik sou pwofilaj rasyal
Bélinda Bah, direktris Observatoire a ak Édouard Staco, prezidan Sommet jeunes afros la — JOSIE DESMARAIS, LA PRESSE

Akòz revokasyon sèt (7) polisye nan Service de police de la Ville de Montréal (SPVM) pou rasis, Sommet Jeunes Afro mande ankò yon komisyon ankèt piblik an vèti Lwa sou komisyon ankèt yo.

Ankèt la ta dwe vize non sèlman SPVM men tou tout kò polisye ki te kondane pou pwofil rasyèl. Mwa jen pase, Sommet la, ki regwoup plis pase 90 òganis ki dirije pa moun Nwa, te lanse yon apèl pou deklanche ankèt sa a apre revelasyon rasis yo te atribiye a yon inite polisye nan katye 39, nan Montreal-Nò.

Depi lè sa a, direksyon SPVM nan te remèsye omwen senk nan ajan sa yo. « Desizyon sa a salye kòm yon jès nesesè ki reflete gravite sitiyasyon an, men li pa pèmèt nou etabli kòz yo. Gouvènman Québec la dwe kounye a deklanche yon komisyon ankèt piblik an vèti Lwa sou komisyon ankèt yo », deklare Sommet la nan yon kominike.

Objektif ankèt piblik sa a se « atake kòz yo ak mekanis ki pèmèt pwofil rasyèl pèsiste epi mete fen ak li toupatou nan Québec ».

Pou òganis manm yo, rekouri a Lwa sou komisyon ankèt yo se esansyèl. Paske, kontrèman ak yon senp egzamen administratif, yon komisyon etabli an vèti lwa sa a gen pouvwa ki pi obligatwa: li ka siyen temwen, oblije yo reponn ak kesyon yo epi egzije pwoduksyon dokiman nesesè pou rechèch verite a.

« Pouvwa konsa yo enpòtan lè fè ki alegye yo konsène dwa fondamantal ak diyite Québécoises ak Québécois yo, byen pi lwen pase rejyon Montreal la », agimante Sommet la.

Evènman resan yo ajoute sou yon seri sitiyasyon enkyetan ki dokimante atravè Québec. Jiska prezan, uit (8) minisipalite québécoises vize pa yon aksyon kolektif an matye pwofil rasyèl, pandan sis (6) minisipalite deja te fè l'objè desizyon jidisyè ki lye ak pratik sa yo.

Pou Sommet Jeunes Afro, done sa yo demontre klèman ke pwoblèm diskriminasyon ak pwofil rasyèl yo pa limite ak yon sèl kò polisye oswa yon sèl rejyon, men yo soulve enkyetid ki konsène tout Québec.

« Yon kesyon fondamantal rete: kisa ki garanti ke polisye sa yo p ap kapab kontinye karyè yo nan yon lòt kò polisye? », mande prezidan Sommet la, Édouard Staco.

« Revoke pa ase si pwoblèm nan ka tou senpleman chanje inifòm. Pwoblèm nan pa kanpe nan fwontyè Montreal: li konsène tout Québec. Pou regle l nan rasin li, fò nou gen yon komisyon ankèt piblik ki gen vrè pouvwa obligatwa », di li.

Done Observatoire des communautés noires du Québec a vini konfime wotè pwoblèm nan. Dapre yon sondaj Léger fè pami plis pase 1 400 jèn Québécois, ki gen ladan prèske 1 000 jèn Nwa:

• 83% jèn Nwa yo deklare yo te viv diskriminasyon akòz idantite yo;

• 66% deklare yo te sibi tretman enjis nan entèraksyon yo ak sèvis piblik yo, kont 29% nan lòt jèn Québécois yo.

« Revelasyon nan SPVM yo pa ka trete kòm yon ka izole. Kondanasyon jidisyè yo ak rekouri ki vize plizyè minisipalite mande yon repons nan nivo Québec », afime M. Staco.

Dapre regwoupman an, ankèt piblik la ta vize:

• fè tout limyè sou wotè diskriminasyon ak pwofil rasyèl nan kò polisye ki vize yo;

• idantifye kòz sistemik yo;

• fòmile rekòmandasyon konkrè pou ranfòse dirableman konfyans piblik la anvè enstitisyon polisye yo.

« Lè nou konstate ke uit minisipalite vize pa yon aksyon kolektif epi sis lòt deja te fè l'objè desizyon jidisyè an matye pwofil rasyèl, li vin evidan ke kesyon yo soulve depase kad yon sèl sèvis polisye. Kominote yo bezwen yon egzamen rigorye ak endepandan pratik sa yo pou pi byen konprann wotè yo epi retabli konfyans anvè enstitisyon polisye yo. » — Raymond Kashiba, Prezidan-direktè jeneral Conseil Canadien de Représentation des Communautés Congolaises (CCRCC), Gatineau.

Objektif yon komisyon konsa a pa sèlman fè limyè sou evènman resan yo, men tou idantifye kòz sistemik ki pèmèt pèsistans pwofil rasyèl ak diskriminasyon nan enstitisyon polisye yo, evalye mekanis siveyans ki egziste yo epi pwopoze rekòmandasyon dirab pou ranfòse konfyans piblik la.

Sommet Jeunes Afro reyafime volonte li pou kolabore ak otorite piblik yo, òganis siveyans yo ak enstitisyon konsène yo pou pwomouva pratik polisye ki ekitab, transparan epi ki respekte dwa fondamantal tout moun ki ap viv nan Québec.

Lòt mobilizasyon

Anplis Sommet la, yon douzèn lòt òganis kominotè ki reprezante kominote azyatik ak nwa yo, fanm yo ak lòt kominote ki soti nan kat sektè Montreal, eksprime apui yo bay chèf polisye Fady Dagher ak desizyon resan li pran pou revoke sèt polisye pou zak rasis ak lòt malkondwit. Dènye sa yo te kenbe yon konferans pou laprès, mèkredi.

Yo ankouraje li pran lòt mezi pou chanje kilti òganizasyonèl la epi redui diskriminasyon nan SPVM ak nan sèvis polisye yo ofri piblik la, ansanm ak travay an etwoite kolaborasyon ak kominote yo ak lòt aktè kle pou rann SPVM pi enklizif, pi reprezantatif ak pi efikas nan misyon li pou sèvi ak pwoteje tout Montréalais ak Montréalaises yo.

Sou Sommet Jeunes Afro

Sommet Jeunes Afro (Sommet sosyo-ekonomik pou devlopman jèn kominote nwa yo) se yon rezo inovatè ki gen plis pase 90 manm ki bay tèt li misyon kontribye nan esò ekonomik ak sosyal Québec la, an konsantran li espesyalman sou apò jèn kominote nwa yo.

Sou Observatoire des communautés noires du Québec

Observatoire a te kreye an 2021 pou vin yon vektè transfòmasyon sosyal ak sistemik, atravè mobilizasyon konesans yo. Apwòch rechèch patisipatif li a vize pi byen dokimante pwoblèm kominote nwa yo ap viv, jèn yo an patikilye, epi pwopoze solisyon konkrè pou defi espesifik yo ap fè fas.