Kèk Ayisyen ki soti Boston ak Montréal p ap ale nan match lan paske yo pa gen lajan
Jean Numa Goudou ·
Pou 6 milyon plas ki disponib, FIFA a resevwa plis pase 507 milyon demann, sa ki eksplike chèté biye yo.

«Nou menm, nou nan Boston, nou te panse sa t ap fasil, men se pa ka a», deplore Lesly St-Julis. Li te panse pote fanmi li ak menm zanmi l asiste match Ayiti ki ap dewoule a kèk distans de lakay li, men pri biyè yo, ki rive jiska 1300 dola lè pa lè, te refwadi entèpriz li a.
Se ka a tou pou Bovil Jean-Karil. Anplis biyè a, pri transpò ak lajan pòch pou konsòmasyon yo fè yo reflechi de fwa. «Nou ka achte yon biyè epi pa kapab pwofite li» ajoute li. Akòz prezans polis imigrasyon ICE a, anpil Ayisyen, ki sitiyasyon imigrasyon yo pa an règ, pè yon desant polisyè.
«Anpil Ayisyen pa vle pran risk la epi y ap kache kò yo akòz sa», afime Bovil Jean-Gary. «Moun yo pral rasanble ansanm nan yon kote pou evènman an nan kominote a. Lòt yo pral rete lakay yo an fanmi pou gade match la», obsève pou pati pa li Lesly.
Nan kominote a
Akòz pri biyè yo, anpil Ayisyen Monreyal, ki a kat èdtan an machin soti Boston, refize patisipasyon yo, an pèsòn, nan premye match Ayiti sa a. Dènye patisipasyon peyi a nan yon Koup di Mond remonte an 1974. Se yon evènman istorik donk pou plizyè jenerasyon.
Plizyè òganis Monreyal tankou Bureau de la communauté haïtienne de Montréal (BCHM) ak Maison d'Haïti ap òganize soirée vizionman match la nan kominote a, sou gran ekran. «Grenadye, grenadyè Monreyal ak anviwon yo, vin jwenn gran fanmi Bureau de la communauté haïtienne de Montréal (BCHM), pou viv yon eksperyans inik ak enèdit, ki te tann depi 52 an» rele òganis la nan yon nòt piblik.
Sa pral pase nan plèn kè Sant-vil la nan Maison France-Montréal, 429 Ave Viger E, Montréal, QC H2L 2N9, a kat minit de métro Champ-de-Mars. Twa soirée enkiblab ak DJ SIR-D, RaraJazz ak restoran disponib.
• Ayiti vs Ekòs — Samdi 13 jen — 21h00 • Ayiti vs Brezil — Vandredi 19 jen — 20h30 • Ayiti vs Maròk — Mèkredi 24 jen — 18h00.
Pòt yo louvri 1 èdtan anvan chak match epi gen 500 plas disponib.
Maison d'Haïti envite ou tou, menm dat yo ak menm lè a pou twa match yo nan lokal li, nan Saint-Michel, 3245, avenue Émile-Journault, Montréal (QC) H1Z 0B1.
Kèk Ayisyen konni pral fè vwayaj la
John Miller Beauvoir, John Wesley Delva oswa Édouard Staco se pami chancè ki kapab fè vwayaj la. Gen plizyè mwa, M. Staco te patisipe nan yon tiraj osò pou jwenn dwa achte biyè. Biyè yo te kòmanse a 250 dola epi sa ka rive jiska plis pase 1000 dola.
Li te soti gayan nan tiraj sa a, pami dè santèn moun. An fanmi, li pral fè vwayaj la, an machin rive Boston pou pran pa nan evènman «istorik» sa a pou li. «Se yon evènman inik. Gen yon koup di mond ak patisipasyon Ayiti. Nou di nou pral fè li, di li nan yon entèvyou ak In Texto, men se pa vrèman aksesib pou tout moun.»
Kèk lòt pèsonalite nan kominote ayisyèn Monreyal te fè vwayaj la tou. Biyè yo de fwa epi menm twa fwa pi chè pase dènye koup di mond la, obsève moun ki prezide Sommet afro a. Li denonse yon bò trè komèsyal nan espò mas sa a ki te vin elijis.
«Sa mwen pa jwenn trè enteresan sou pati FIFA a, se ke gen yon aspè ofr ak demann, di li, kèk match pi chè pase lòt. Gen yon aspè komèsyal. Epi se pa bay tout moun pou yo gen aksè a li.»
Gen 6 milyon plas disponib pandan Koup di Mond sa a. Epi FIFA te resevwa plis pase 507 milyon demann. «Se poutèt sa biyè yo si chè», fè nou remake yon sous ki pwòch Federasyon ayisyèn foutbòl la ki deplore ke Ayisyen atribiye yo tout echèk Koup di Mond sa a.
Pi chè nan listwa
Konfòmeman ak règleman FIFA pou Koup di Mond la, chak federasyon patisipan nòmalman resevwa yon kota ekivalan a 8% kapasite total estad la pou chak match. Plas sa yo rezève pou sipòtè ofisyèl ekip ki kalifye yo, atravè asosyasyon manm yo.
FIFA presize ke chak federasyon patisipan chaje pou jere demann yo, defini pwòp kriterè elijibilite pa li yo epi distribye oswa vann kota pa li a bay sipòtè enkondisynèl li yo. Gen plizyè kategori biyè: mwatye (50%) envantè sa a distribye ant de kategori ki pi abòdab yo: biyè «Tribune économique» (40%) ak biyè «Tribune basique» (10%).
«Admiratè ki vle benefisye plas sa yo dwe jeneralman pase pa platfòm adhezyon ofisyèl federasyon yo (tankou CanadaRED pou Kanada) pou jwenn yon kòd aksè inik pou pòtay FIFA a», endike sit òganizasyon an. Yon demach fastidyeux ke yo te dwe antreprann trè bonè, tankou Édouard Staco.
FIFA te detèmine ke Federasyon ayisyèn te ka achte mil biyè pa match pou revann yo. An total, Ayiti te pwokire 3 000 biyè, a kredi, presize sous nou an bò kote Federasyon ayisyèn lan.
«Se Koup di Mond ki pi chè nan listwa», raple Federasyon ayisyèn foutbòl la.
