Intexto

Chofè taksi yo ale nan Tribinal Siprèm kont Québec

Jean Numa Goudou ·

Le 26 me, yon demann otorizasyon apèl nan Lakou Siprèm Kanada, k ap konteste desizyon Lakou Dapèl Kebèk la, te depoze.

Chofè taksi yo ale nan Tribinal Siprèm kont Québec
An 2019, gouvènman Québec te aboli pèmi 5800 propriyetè taksi yo. — THE CANADIAN PRESS/Ryan Remiorz

Wilfrid Ciriac, alias Big, 79 an, te achte pèmi taksi li (yon tèm ki pa egziste ankò nan lwa jodi a) an 1980. Li te peye l 12 000 dola gras ak yon prè nan bank. Nan tèt li, se tankou Big te achte yon kay e t ap gade lwen vè retrèt li yon jou gras ak envestisman li.

Men, men sa ki te pase, an 2019, gouvènman Québec te aboli pèmi 5800 propriyetè taksi yo. Pou anpil titilè, se te fwi tout yon vi travay. Se nan ane sa a tou ke Québec t ap reyalize yon pwojè pilòt ki te entrodui Uber nan endistri a, pou rete. Québec te ranbouse titilè yo sou baz pri akizisyon ki pa endekse olye valè machande a.

Big te resevwa 75 000 nan kad « ekspwopriyasyon dègize » sa a. Pa menm ase pou peye dèt li te kontrakte pandan ane yo. «Mwen te panse resevwa diferans lan, 100 000 ki te manke m yo, men…», soufle nonm ki pral gen byento 80 an e ki te oblije rantre machin taksi l an 2020 akòz vyeyès ak maladi. big2.jpeg

Wilfrid Ciriac, alias Big

Wilfrid Ciriac te pèdi yon je ant tan sa a e li pa kapab travay tankou anvan. « Mwen te konte sou lavant pèmi m nan pou retrèt mwen. Mwen anba asistans vyeyès gouvènman federal la jodi a. Sa a sèlman. Mwen pa gen rès Québec », deplore ansyen travayè taksi a.

Pou pati pa l, Dama Metellus te gen de pèmi. Youn, achte a 155 000 $ e lòt la a 170 000 $. Gouvènman an te ranbouse l nan pri acha a menm « ak lajan kontribyab yo ». Nan yon sèten mezi, li konsidere li te tire l pi byen pase anpil nan kolèg li yo. Pi byen pase Big an tout ka.

Sepandan, se li menm ki fèk depoze, 26 me dènye a, yon demann otorizasyon apèl nan Cour suprême du Canada, k ap konteste arè Cour d'appel du Québec la (Procureur général du Québec c. Metellus, 2026 QCCA 395) ki te rann 25 mas 2026. Enstitisyon sa a te kase desizyon Cour supérieure a ki te bay chofè yo rezon an pati. D metellus.jpg Dama Metellus, nonm ki dèyè rekou jiska Cour suprême a

«Mwen rayi enjistis», reponn Dama Metellus lè In Texto mande l poukisa li fè sa.

«Detantè pèmi yo te pran desizyon envestisman yo nan yon kad reglementè ki te estikteman kontwole pa gouvènman an. Yo te fè sa nan bon fwa, dapre règ ke Leta li menm te etabli yo, an fondant sou kwayans yo ke eta de dwa québécois la te reyèl e merite konfyans. Nou pa ka nye santiman enjistis yo jodi a», endike pou pati pa l, nan yon kominik, avoka l, Me Bruce Johnston.

Anplis de dènye sa a, nan Recours collectif sa a yon batri avoka ap travay ladan l tankou Me Lex Gill ak Me Anne-Isabelle Cloutier nan kabinè Trudel Johnston & Lespérance, Me Wilerne Bernard, Me Myriam Moussignac ak Me Marc-Antoine Cloutier nan kabinè Triviüm.

«Se tankou gouvènman an t ap anpeche nou vann pwòp kay nou te kenbe kòm ekonomi retrèt, fè remake Dama Metellus, mwen menm te planifye retrèt mwen a 55 an ak de pèmi mwen yo. Men mwen pa kapab fè l ankò».

SA KI AN JEU

An 2024, Cour supérieure du Québec te konstate enjistis la e te kondane gouvènman Québec pou peye plis pase 143 milyon dola nan idemnite ekspwopriyasyon bay manm gwoup la.

Desizyon Cour d'appel la k ap ranvèse Cour supérieure a soulve kesyon enpòtan konsènan prensip etabli nan dwa pwopriyete ak ekspwopriyasyon dègize, selon avoka Rekou a. «Li pran distans ak ansèyman Cour suprême a e prive dè milye ansyen propriyetè yon pwoteksyon juridik fondamantal.

Arè a soulve tou kesyon ki fragilize pwoteksyon juridik lòt tip pwopriyete yo jwi, tankou kota agrikòl, bre ak dwa minye e riske ebranle konfyans piblik la anvè eta de dwa», yo plede.

PWOCHEN ETAP YO

Procureur général du Québec la gen 30 jou pou reponn demann nan. Cour suprême a ta dwe rann desizyon l sou otorizasyon apèl la nan pwochen mwa yo.

«Mwen menm, mwen toujou kenbe espwa. Gen ladan yo, pami kolèg mwen yo, ki pa kwè ladan l ankò. Men mwen menm, toutotan mwen ap viv mwen pral kenbe espwa pou genyen kòz la», afime Big, nonm 79 an ki te pèdi prèske tout bagay an 2019.