Roujol: timoun ak fanm ansent dwe pran vaksen

Se yon viris ou trape fasil ki lakoz maldi Roujòl la. Li frape sitou timoun, men li ka tou tombé sou fanm ansent ak moun ki gen sistèm iminitè ki fèb.
Kijan roujòl ou ka trape roujol?
Roujòl ap transmet fasilman atravè gout saliv lè yon moun ki genyel ap touse oswa etènye na figiw. Viris la ka tou gaye lè ou manyen kote ki déjà gen jèm nan, epi apre sa wal manyen bouch ou, nen ou, oswa je ou.
Yon moun ansent ki trape roujol ka pase viris la bay tibebe li a anvan li fèt. Viris sa a trè kontajye: yon moun ki mald ak li ka pase li bay 18 lòt moun konsa ki nan mitan li.
Ki siy yo?
Premye siy roujòl yo se yon gwo lafyèv (pi plis pase 38ºC-100.4 °F), yon tous sèch (kenyenk kenyenk), nen ki koule, je wouj ak dlo, ak yon gwo fatig.
Kek siy ki ka few komprann roujòl yo se tach wouj ki parèt anpremye sou figi a anvan yo gaye sou rès kò a, ak kek ti pwen blan andedan bouch la.
Pou yon fanm ansent ki trape roujòl, sa ka mennen konplikasyon grav pou li menm ak tibebe kap vini an.
Ki moun ki pi fasil ka trape l’ ?
Kèk moun gen plis risk pou yo gen konplikasyon grav ki gen rapò ak roujòl, tankou timoun ki gen mwens pase 5 lane ki pa vaksinen, moun ki gen sistèm iminitè fèb ( ki gen ti sante), ak fanm ansent.
Kijan pou prevni roujòl?
Pi bon prevansyon kont roujòl se vaksen an. Yo bay timoun yo vaksen sa a anjeneral depi premye lane nan lavi yo, ansanm ak vaksen kont oreyon ak ribeyol.
Granmoun ki pat janm vaksinen yo ka pran vaksen an tou. Si yon moun pranl, li enpòtan pou li pa rete menm kote ak lot pou evite viris la gaye, epi asire li bwè ampil dlo.
Ou dwe rete prop, tankou lave men souvan, netwaye tout kote wap sèvi yo, epi evite pataje tout sa ou sèvi avel. Tout sa ede tou anpeche ou pasel ba yon lot.
Sé

ki peyé pou atik sa pase nan In Texto



