Yon Asosyasyon Fonksyonè Nwa yo te fèt
Rédaction Intexto ·
« Vin jwenn AFNA a se fè chwa pou pa rete pou kont ou, pou kontribye, pou konstwi yon bagay ki dire. Sa n ap lanse jodi a se yon kòmansman »

Asosyasyon Fonksyonè Nwa ak Afrodesandan yo (AFNA) te lanse aktivite li yo devan piblik la, samdi 28 mas la, nan Maison d'Haïti ak 10 manm Konsèy Administrasyon an ak yon trentèn moun yo te envite. Pifò nan yo se manm fonksyon piblik la nan tout nivo gouvènman yo nan Kebèk.
« gen diferans ak obstak ki genyen epi pafwa yon santiman isolman nan fonksyon piblik la. Men poutan angajman an la a, talan yo, kapasite yo la a. Sa ki te manke se pou nou te rasanble »-Réal Lacombe, prezidan AFNA a
