Tatiana Auguste: « Mwen ap goumen pou Terrebonne vin nan kè transfòmasyon peyi nou an »
Rédaction Intexto ·
Kandida liberal la te ouvri, samdi 14 mas la, biwo kanpay li a sou montée Massson an

Yo te vin soti nan kote ki byen lwen tankou Gatineau (Greg Fergus), soti Kebèk (Jean-Yves Duclos) ak soti nan kote ki près, minis Sante a Marjorie Michel (Papineau nan Monreyal), Steven Guilbault pou yo te vin bay yon bourad politik nan ti jèn kandida Terrebonne nan.
Tatiana Auguste te ouvè biwo kanpay li a sou monte Masson nan devan prèske 500 moun nan yon sal ki te plen ak moun ki te nan ranje rive nan lari a.
Tout kawokis liberal Kebèk la te vin pou l te vin pale ak foul yo, chase bòt ak ale frape nan pòt yo apre yon bon chite nèj ki te tonbe nan devè a.
Sal la te "Nèg ak Blan" ak moun ak te entèjenerasyon pou okazyon an.
