Long batay pou yon sant espòtif nan Monreyal-Nò
Rédaction Intexto ·
Malgre yon anons 55 M nan men federal la, enfrastrikti espò sa a yo te mande depi 2009, li toujou manke apeprè 15 M pou realize pwojè a nan tout antye li. Epi Kebèk ap fè yo tann.

« Mwen pa kapab tann pou premye kout pèl tè a epi pou nou kapab di: kounye a sa kòmanse », deklare ak anpil eksitasyon meris Monreyal-Nò a, Christine Black apre anons sa a. Men, li pral oblije pran pasyans li jiskaske Kebèk reponn demann pou patisipasyon nan finans Sant Espò sa a, yon pwojè ki date depi 2009 nan awondisman sa a.
Anplis $ 90 M Vil Monreyal la, federal la fenk anonse nan bidjè li yon montan $ 39,8 M ki vin amelyore yon premye montan $15 M ki te anonse, nan mwa mas dènye a pa depite Emmanuel Dubourg jis avan li te kite lavi politik la.
Pou pale nou sou pwojè sa a, Jean Numa Goudou te rankontre meris Christine Black.
