Lanmò nan yon fanmi DPJ la
Rédaction Intexto ·
Guerline Saint-Lot pa ka konsolenl. Pitit gason l ki otis la te viv lanfè pandan twazan anvan li mouri.

Pitit gason li ki te otis epi ki te gen maladi anemi falsifo a te mouri nan men Direksyon Pwoteksyon Jenès (DPJ). Vè laj 9 an, timoun nan te plase, tanporèman, nan yon fanmi dakèy. Sa ki te tanporè a te vin pèmanan jiskaske li mouri, twa zan apre. Madanm Saint-Lot te patisipe vandredi nan yon manifestasyon Action Femme Afro du Québec ak Mentaux rouges yo, yo tout se fanmi ki gen istwa ki enplike DPJ. Nou te rankontre avè l epi nou te diskite avè l sou sitiyasyon an.
