Kanada: frè kay, azil, tout bagay pi chè
Rédaction Intexto ·
Moun k ap mande azil yo va gen pou yo peye pou medikaman yo (4 dola) kounye a pandan li te konplètman gratis anvan an.

Tout bagay pi chè koulye a nan domèn imigrasyòn an. Ottawa fèk ajoute frè siplemantè yo pou tretman demand rezidans ak sitwayènte yo.
Ogmantasyòn sa yo afekte menm moun k ap chèche azil yo. Pandan frè medikaman yo te konplètman kouvri pa Pwogram Federal Sante Entèrimè a (PFSI), refijye yo, k ap tann yon odiyans nan Komisyon Imigrasyòn an, va gen pou yo peye pou yo jwenn medikaman yo.
Omwen 4 dola pou chak medikaman sou òdonans yo va mande yo koulye a nan èd sosyal yo resevwa a anvan yo kòmanse travay.
