Repere nan Espay, retni pa Immigration Canada
Jean Numa Goudou ·
Kan Réal Madrid yo kòmanse nan mwa me ak jen. Ta gen youn lòt nan mwa novanm epi sa ta dwe dènye opòtinite li pou prezante tèt li.

«Sa fè de zan depi m ap tande menm refren an, mwen fatige epi mwen pa kapab ankò», se sa manman jèn jwè foutbòl la di, yon jèn gason yo te repere pou yon estaj ann Espay nan Réal Madrid. Enive Bernadotte te retounen Kanada depi 2021 kòm mande azil.
Yon mwa apre, Commission de l'immigration et du statut de réfugié (CISR) rekonèt li kòm moun pwoteje pandan yon odyans akselere. Mme Bernadotte aplike lè sa a pou rezidans pèmanan an enkli pitit gason l, Bernivens, ak tout fanmi an.
«Depi lè sa a, yo di m y ap etidye dosye a, di li nan yon entèvyou avèk In Texto, an 2023, mwen te pale ak yon ajan ki te di m tretman an ta dwe fini an out 2024. Petèt menm anvan, men pa apre».
Akòz kota Kebèk enpoze yo, de an edmi te ajoute sou delè atant li pou l jwenn rezidans pèmanan an. «Si li ale nan yon lòt pwovens, pwoblèm kota a ta dwe regle», fè François Jean-Denis de Visionmax services remake, yon fèm espesyalize nan imigrasyon. Mme Bernadotte di li te panse a sa, men sou konsèy yon zanmi, li pa t fè l.
«Anplis de sa, ajoute li, li pa prevwa nan Akò Kanada-Kebèk kota nan kategori moun pwoteje yo. Mwen pa konnen poukisa Justin Trudeau te aksepte sa».
Depite yo?
Epi atant lan kontinye. An 2024, pitit gason l, Bernivens, Réal Madrid repere l pou yon estaj ann Espay. Fanmi an te depanse $5 000 US, sa vle di ekilivan 8 000 dola kanadyen an frè pou operasyon sa a. Pwoblèm nan se ke jèn jwè foutbòl la, ki te retounen Kanada avèk papa l, apre manman an, se mande azil li ye. CISR poko trete dosye l.
Poutan, si Imigrasyon Kanada te finalize dosye manman l, Bernivens ta benefisye de sa lèl ta jwenn rezidans nan menm moman an. Sa ta pèmèt li vwayaje jodi a.
Enive Bernadotte kontakte biwo depite pwovensyal ak federal la pou yo itilize relasyon politik yo nan dosye a. Soti nan Denis Trudel di Bloc québécois rive Natilien Joseph di Parti libéral du Canada oswa Ian Lafrenière de la CAQ, tout moun te di l: «nou pa ka entèfere».
«Sa pa tout bon vre», estime M. Jean-Denis. Pa pou yon dosye ki deja kite koridò CISR a.
«Nan epòk Paul Martin, chantè Corneille te jwenn sitwayènte san l pa t pase nan rezidans pèmanan, Ikrenyen yo te jwenn rezidans yo lè yo desann avyon nan ayewopò a», raple François Jean-Denis.
«Si nou vle fè yon bagay, nou toujou kapab fè l, paske lwa yo nan sèvis moun, se pa envès», konklizyon espesyalis imigrasyon an.
Nan yon imèl li te voye bay In Texto, depite federal Longueuil-St-Hubert la, Natilien Joseph endike ke «akòz lwa sou pwoteksyon done pèsonèl yo, mwen pa ka kòmante sou sitiyasyon endividyèl nan imigrasyon».
Sepandan, «biwo m rete disponib pou akonpaye elektris yo nan demarach yo epi reponn kesyon yo, nan limit ki prevwa pa lwa a. Nenpòt entèvansyon bò kote Immigration, Réfugiés et Citoyenneté Canada nesesite sepandan konsantman moun konsène a».
Sante mantal jèn nan
Enive Bernadotte te eseye tout bagay, depi prèske twa zan. «Mwen te mande yon dokiman vwayaj pou li pou l te ka reyalize estaj li, men anyen. Mwen te fè tout bagay, tout sa ki te nan posiblite m», di li. «Se yon bagay ki manje nou pa anndan. Gran frè l soufri anpil, li menm tou». Jèn Bernivens te sanble pran tout bagay anndan l jiskaske dènyèman dapre manman l.
«Se lè li te vini di m: manman, ou ta ka ede m dòmi ke mwen te konprann gwosè soufrans li, konfye Mme Bernadotte, epi depi lè sa a, mwen ale regilyèman nan chanm li pou m asire m ke li dòmi».
Li di li pa kwè priz de pawòl li nan medya ka chanje anyen, men li aksepte pale sou sa pou lòt moun ki pral vini apre li. «Pa paske mwen kwè sa pral sansibilize yo» Kan Réal Madrid yo fèt depi mwa me ak jen. Ta gen yon lòt nan mwa novanm epi se ta dènye chans li pou l prezante l.
Sinon, fanmi an riske pèdi opòtinite a, men tou des milye dola.
