Intexto

Vyolans konjigal : nan Montréal-Nord, gason yo tou yo bat yo

Jean Numa Goudou ·

Nan 2025, CFIC te fè 19 entèvansyon bò kote gason ki nan sitiyasyon vyolans konjigal alòske nan ane 2026 sa a, yo deja konte 27, sa vle di prèske yon dizèn de plis.

Vyolans konjigal : nan Montréal-Nord, gason yo tou yo bat yo
Vyolans konjigal la pa fizik sèlman pou gason yo, — courtoisie

Pandan ke vyolans ki fèt sou fanm yo okipe yon plas enpòtan nan espas piblik la, gason yo ap bat tou nan menm moman an. Dapre done Centre des femmes interculturel Claire (CFIC), to gason ki bat yo ap ogmante depi de an nan Montréal-Nord.

An 2025, sant lan te reyalize 19 entèvansyon bò kote gason ki nan sitiyasyon vyolans konjigal pandan ke nan ane 2026 sa a, yo deja konte 27, sa vle di prèske yon dizèn plis.

« Kèk nan entèvansyon sa yo te fèt bò kote nouvo rive, gason ki te gen difikilte nan kay yo, nan koup yo, e ki t ap chèche solisyon pou sa », endike youn nan de entèvenan pwogram « À cœur ouvert » CFIC a, David Mézy, nan yon entèvyou Avèk In Texto.

Se yon pwojè pou gason ki bezwen yon zòrèy pou koute yo, kit yo deja nan sistèm jidisyè a, kit yo vle akonpayman, kit yo vle pran konsyans, men tou pou sa ki vle prevni kriz kòlè.

Vyolans ki fèt sou fanm yo

• An 2025, sa reprezante 531 krim kont moun nan kontèks vyolans konjigal ; 78 % nan viktim yo se fanm.

• Done sa yo pa eskli antre pa efraksiyon, ki trè enpòtan nan sitiyasyon vyolans konjigal.

• Se yon evènman ak demi pa jou, jis nan Montréal-Nord.

« Nou konnen ke gason yo ka viv vyolans konjigal tou. Nou pale anpil de fanm yo, men wi, gason ka viv li tou », souliye Micheline Cantave, direktris jeneral CFIC a.

« Nou resevwa apèl, epi nou refere yo nan resous pou gason, paske nou menm, nou ede fanm. Donk gason ka viv li tou. Gen fanm ki ka gen konpòtman vyolan tou », ajoute li pandan yon Balado Radio Nou, yon filyal In Texto.

Micheline Cantave kwè ke « se tolerans zewo » nan matyè vyolans konjigal. « Gen yon pwovèb ki di : sa ki pa bon pou nou pa bon pou lòt la. Envès la tout osi vre », di li.

« Wi, rencheri Sophie Lemay de Halte-Femmes, men kanmenm : 68 % nan viktim yo se fanm. Gason ka viv li, men vyolans konjigal gen yon dimansyon genre ».

Dapre entèvenan David Mézy, vyolans ki fèt sou gason yo ta ka pi reponn. Paske yon santiman wont anime sa ki viktim yo epi yo evite nan pifò ka pou pale de sa.

« Nou gen ka kote gason te di : bon, ok, yo te frape m, mwen pè di sa, paske lè mwen rakonte sa bay zanmi mwen yo, yo ap ri mwen », obsève M. Mézy.

Gason sa yo se viktim swa vyolans vèbal, vyolans sikolojik, men kèk tou te viktim vyolans fizik. Nan kèk ka nou jwenn gason ki rele lapolis pou mande èd.

« Gen tou ka kote lapolis te mande fanm lan pati, menm jan yo ka fè sa nan ka gason yo. Donk gen ka kote se gason an ki rele lapolis, epi se lapolis ki mande fanm lan kite kay la », revele entèvenan kominotè a.

Li te di.

« Entèvansyon yo ta dwe kontinye fèt des de bò.

« Nou pa eseye absoliman eskize lefèt ke gen anpil gason ki vyolan, ki te pase a lak, elatriye. Alavrè, estatistik yo temwaye de sa. Men se jis pou di tou ke gen yon pwopòsyon silansiez gason ki viktim tou de sa epi ki pa di anyen, ki pa pran lapawòl, swa pou wont, swa pou pè, swa pou anvi kenbe anonim yo — enkyetid ke entèvansyon sa yo pa mete yo sou plas piblik la — e ki vle kenbe konfidansyalite yo. Men wi, gen tou ka gason ki viktim vyolans nan relasyon nou gen yo ».

« Li ekstremman enpòtan pou konprann ke pwojè "À cœur ouvert" la, se yon pwojè [pou] gason ki bezwen koute, kit yo deja nan sistèm jidisyè a, kit yo vle akonpayman, kit yo vle pran konsyans : nou la. Si yo vle prevni tou kriz kòlè yo genyen, nou la. Epi nou la tou pou akonpaye yo, pou pi byen jere kòlè yo, nan ka ki depase yo nòmalman ». - David Mézy

5 fòm vyolans gason yo sibi (souvan san yo pa konnen) dapre sit La paix avocat

  1. Vyolans fizik "akseptab" Souflet, kout pwen nan do, objè voye, grif. « Se gratis sèlman » se sa antouraj ou ap di.

  2. Chantaj ak timoun yo « Si ou pati, ou p ap janm wè pitit ou yo ankò. » « Mwen ap di jij la ke ou vyolan. » « Timoun yo ap kwè mwen, pa ou. »

  3. Imyiliyasyon genre « Ou menm pa yon vrè gason. » « Ansyen mwen an te pi viril pase ou. » « Ou pa ka bande menm, ou patetik. »

  4. Kontwòl finansye total Li jere tout kont yo. Ou dwe jistifye chak depans. Salè ou vire nan yon kont kote ou pa gen kat la.

  5. Menas fo akizasyon « Si ou kite mwen, mwen pote plent pou kadejak. » « Mwen ap di lapolis ke ou te bat mwen. » « Pèsonn p ap kwè ou. »