Teyat kreyòl : kloти yon peryòd festival ki te trè rich
Rédaction Intexto ·
Konpayi Teyat Kreyòl (CTC) gen yon lokal tou nèf, ki sitye nan arondisман Saint-Léonard, au 5322, rue Jean-Talon Est, nan Montréal.

Soti 28 fevriye rive 26 mas 2026, Compagnie Théâtre Créole (CTC) te fè Montréal vibре nan ritmn 8yèm edisyon Festival Théâtre Communauté des Noirs (FETHÉCOMNOIRS), anba tèm mobilizatè « Enplike-w nan kominote w ».
Yon vrè randevou atistik ak sitwayèn, festival la te rasanble yon piblik divèsifye, otou yon pwogramasyon rich, angaje, epi ki vire klèman vè dyalòg entèkiltirel ak entèjenerasyonèl. Lancement festival la te fèt le 28 fevriye, nan tonalite yon bèl soirée ki te reyini Jean-Jean Roosevelt, Stevenson Michel ak yon piblik ki reflete vizyon konpayi a : miltikiltirel ak entèjenerasyonèl.
Depi nan landmen, 1ye mas, yon soirée omaj pou powèt ak romansye René Depestre te rasanble plizyè figè enpòtan nan kominote ayisyen Montréal la, tankou Frantz Voltaire, Robert Berrouet, Maguy Métellus, Samy, Herto Janvier ak Bonel Auguste, Fayolle Jean k ap temwaye enpòtans dyalòg ant memwa, kilti ak kreyasyon kontanporen.
Nan dinamik transmisyon sa a, yon atèlye initiation ak improvizasyon teyatral te fèt soti 2 rive 5 mas, nan sal Riché Kenscoff, k ap ofri patisipan yo yon espas ekspresyon ak devlopman atistik.
Tout pandan mwa a, pwogramasyon festival la te deplwaye nan plizyè kote nan zile Montréal la, mete an valè yon divèsite espektak ak talan. Atisdefwa CTC yo, tankou Zuma A. Lavertu, André Miraklin, Marc Emmanuel Dorcin ak Pierre Hector Nazon te vwazinen ak vwa k ap monte, tankou metteur en scène Miracson Saint-Val, ki soti nan konpayi Bazou.
Festival la te make tou pa yon moman mizikal fò : yon konsè omaj pou Ansy Dérose, ki te pote pa òkestrasyon maestro Ephraïm Guerrilus, ki rele T-FA.
FETHÉCOMNOIRS te klòtire an bote le 26 mas avèk espektak Les Dix Hommes Noirs, yon zèv kapital powèt ayisyen Etzer Vilaire, entèprete epi mise en scène pa imoris entènasyonal Rodlin Christolin.
Anplis yon pwogramasyon atistik, festival la s'inscri nan yon demach sosyal ak enklizif. Klòti li a make tou pa sa ki nan pwojè « Intégrer par le théâtre », yon inisyativ ki soutni pa Vil Montréal, ministè de l'Immigration, de la Francisation et de l'Intégration (MIFI), ak plizyè patnè. Pandan yon ane, pwogram sa a te favorize echanj entèkiltirel ak entèjenerasyonèl, ranfòse wòl teyat la kòm zouti rapwochman ak kohezyon sosyal.
Nouvo lokal ak nouvo sal espektak
Pa lòt bò, Compagnie Théâtre Créole (CTC) te franchir yon etap majè nan devlopman li, avèk louvèti nouvo lokal li a, ki sitiye nan arondisман Saint-Léonard, nan 5322, ri Jean-Talon Est, Montréal.
Nan kè kote sa a, yon sal espektak ki rele Riché Kenscoff rann omaj ak komédyen ki pote menm non an, senbòl angajman atistik ak transmisyon kiltirel. Sal sa a enkane volonte CTC pou pérennize ekspresyon atistik, tout en ofri yon platfòm vizibilite esansyèl pou atisdefwa ki soti nan divèsite a.
Se nan kote senbòlik sa a ke lancement ak klòti 8yèm edisyon Festival Théâtre Communauté des Noirs te deroule.
Compagnie Théâtre Créole konfime wòl enkontounab li nan peyizaj kiltirel Montréal la. Nan konjige kreyasyon atistik, angajman kominotè ak ouvèti sou mond lan, li fè teyat la yon levye pwisan pou transfòmasyon sosyal, epi yon espas vivan pou dyalòg, ekspresyon ak vizibilite.
