« Se pa pou dat 25\35 » ke Alan Cavé pa t ap jwe Montréal
Pierre-Phaill Goudou ·
Pwochen eskal « Se pa pou dat 25\35 » a dwe fèt Pari nan prentan 2027.

Montréal te resevwa, dimanch 8 novanm, senkyèm konsè « Se pa pou dat 25\35 ». Seri espektak sa a gen entansyon make 35 an karyè chantè Alan Cavé ak 25 an album li « Se pa pou dat » ki te soti an 2001.
Pati Boston, tounen konsè sa a te fè eskal Nouyòk, Orlando ak Miami anvan li te depoze valiz li Montréal. Avèk tout plas yo vann, Alan Cavé te reyalize senkyèm espektak li nan Place Bell ki gen kapasite 10 300 plas. Moun ki soufri sendwòm premye fwa yo ap sonje pou toujou ke se premye atis ayisyen ki te ranpli espas sa a tankou yon ze.
Depi 17 è, reprezantan medya yo te sou plas pou konferans de pres avan-konsè a, pandan ke espektatè ki pi ponktyèl yo te kòmanse fè fil pou jwenn yon plas nan sal la. Anvan konferans de pres la te fini, ambyans lan te kòmanse chofe pou resevwa premye moun ki te rive nan arèn nan.
Konsè a ki te dwe kòmanse a 20 è te gen reta uit minit sèlman akòz kèk pwoblèm teknik. A 20 è 8 minit pile, yon gran ekran nan fon sal la limen, efè bouya anvai sèn nan epi Alan Cavé fè aparisyon li anba kri ak aplodisman djanm piblik la.
Depi premye nòt chante « All I Want », ansyen siksè gwoup ZIN, piblik la te akonpaye chantè a jiska fen konsè a. Alan te reyalize poukont li premye èdtan senkyèm konsè li a an pasan an revi pwòp tit siksè pa li yo ak hits ansyen gwoup li a, ZIN. Chante ki te plonge pi gran yo nan nostalji pandan yo t ap remaché souvni ane 90 yo.
Chantè Alan Cavé prezante papa li, powèt Syto Cavé, bay piblik la
Chantè a te kontinye ak yon lis klasik ki enkli « Je femen, Manyenw, Jwenn, 365 jou, Ma rose ak Nan nanan » anvan li te tranzite vè yon balad pou ka prezante papa li Syto Cavé nan yon seyans powezi.
Moman sa a te yon òd bay chè Ayiti nou an. An omaj a atis ayisyen ki kite nou, espektak la te kontinye ak « La pesonn », chante Caribbean Sextet, entèprete pa Boulo Valcourt ki gen pawòl Syto Cavé, papa Alan, ekri.
Konsè a te reprann kou li ak chante « Yereswa » ak « Besoin de toi » pou klòtire 60 premye minit espektak la. Tib « Saw ap fe avem » te presede chante « De la tête aux pieds ». Apre sa, ansyen chantè ZIN nan te prezante premye envite li nan aswe a, Master Brain, ki rele vre non li Vladimir Mead.
Apre « Cant do this to me » ak « Fanm dous mwen », Alan te resevwa yon envite-sipriz ki pa te lòt moun pase kouzen li Richard Cavé ki te fè ambyans Place Bell la eksplose gras a premye tib li : « Malade » gwoup Kaï li a.
Alan Cavé te reprann sèn li ak ansyen siksè gwoup ZIN tankou « Tou kole, Yo pou ZIN » pandan li t ap woule tapi wouj pou resevwa vrè Rèn Konpa a, Georgie Methelus. Sal la te pran dife depi premye nòt « Coq », ansyen tib siksè Georgie nan sèn gwoup ZIN.

Alan Cavé te klòtire konsè li a ak chante « Fem vole », « Please baby », ak byensèten, mega hit li « Se pa pou dat » ki prête non li bay tounen an.
De klavyèris, yon gitaris, yon baxis ak batrè Shedly Abraham ki te sèl mizisyen yo te konnen te akonpaye Alan sou sèn nan Montréal. Senk jèn fanm ki te asire kè nan senkyèm konsè Alan Cavé a te fè yon travay remakab. Te gen tou yon dizèn dansè ak danseuse pou egzekite pa Hip Hop yo abitye fè nou wè nan konsè ayisyen.
« Se pa pou dat 25\35 » te remonte yon gwo siksè Montréal, sitou sou plan patisipatif la, paske tout plas yo te vann. Kèk pwoblèm teknik ak pwoblèm kòdinasyon te montre mank pwofesyonalis manm òganizasyon espektak la.
Pwochen eskal « Se pa pou dat 25\35 » la dwe fèt Pari nan prentan 2027.
