Richard Cave ak KAI ouvri « Le Show » nan MTelus nan Montréal
Pierre-Phaill Goudou ·
Youn nan moman ki te pi fò nan soirée a se te lè chantè Kenny Haïti (Kenny Sinvil) te monte sou sèn pou entèprete an diyo avèk Richard Cave chansons « Mafia » ak « Pi bon chwa ».

Piblik Montréal la te reponn envitasyon Richard Cave ak gwoup li KAI jou 5 avril, dimanch Pak la, pou konsè yo a The Show. Se lancement yon seri konplè ki pral mennen chantè a ak gwoup mizik li nan tout gwo vil dyaspora ayisyen ak Antiy fransèz yo.
Ak yon kapasite 2300 moun, se sal MTelus ki te akèyi evènman an. Espas la pa t ranpli, men envite yo te ase anpil epi anvians ki t ap regne ladan l te sanble ak yon soware ki te diy yon bal reyisi.
Soware a pa t ofri anyen anplis yon podiyòm rekonfigire konsènan pozisyon mizisyen yo. De bò lateral yo te rezève pou enstrimentis yo: keyboardis, besis, djanbèlis agoch ak gitaris, gonguris, batè adwat, alòske sant la te kite pou Richard Cave ak 6 dansè ak dansèz li yo.
Depi louvèti pòt yo ak biletri a, piblik la te kòmanse antre nan sal la kote Dj Star-Q te deja ap manipile disk li yo. Devan yon santèn moun, li te eseye tout bagay pou mete envite ki te pi pònktyèl yo nan anvians lan.
À 22 zè, Dj K9 te pran relay la lè l t ap bese nostaljik yo nan son ansyen siksè konpa ak zouk. Pandan piblik la t ap grosi an kantite, Dj Bullet te pran kontwòl platinèl yo epi li te ogmante anvians lan an entansite grasa chansyon « Raboday » ki pi popilè yo.
Preparatif yo te dire yon dizèn minit anvan yon entwo mizik te lanse prestasyon ki t ap tann nan. Richard Cave ak gwoup li KAI anvayi sèn nan epi yo kòmanse prestasyon yo ak chansyon siksè yo a Malade anba kri ak aplodisman retonan piblik Montréal la.
Nan yon premye sèt, Richard Cave ak KAI te entèprete 7 chansyon, pami yo « Abizem, Se oul ye ak Pa Gaspiye'm » ke nou jwenn sou dènyealbòm gwoup la « I'm ok ». Tib « Kanse, I'll Yayad » yo te trè apresye piblik la anvan yo fèmen tranche sa a ak « Demisyone » ki te kreye yon anvians eforik nan sal la.
Tan pou Richard Cave pran souf, maestro KAI a, Ti Klod (Claude Michel Porsenna) te siplee chantè a lè l te entèprete de chansyon pa l yo « Spesyal ak Antén » ki grave sou dènye albòm yo a. Entèmèd sa a te kase rèlman soware a ki t apral reprann vòl li ak ansyen konpozisyon Richard Cave yo.
« Diana ak Retounen de King Posse, Por Favor ak Bang bang de CARIMI ak À tes côtés entèprete an diyo ak Tina Ly, gwayannèz la » te raple anpil souvni nan sal la.
San tranzisyon, Richard Cave ak KAI kòmanse dènye manch prestasyon yo ak chansyon « Tolerew ak Toxic ». Reyaksyon ke entèpretasyon moso sa yo te pwovoke yo te konfime tout fòs yo ak bon enèji yo degaje.
Youn nan moman fò soware a te arive sou sèn chantè Kenny Haïti (Kenny Sinvil) pou entèprete an diyo ak Richard Cave tib « Mafia ak Pi bon chwa ».
Richard Cave ak KAI te kontinye ak « Jijem, Fucked up ak Criminel » anvan yo te rann omaj bay trè regrèt Mika band (Mikael Benjamin) atravè chansyon « Ou Pati » pandan imaj defin nan ak fanmi l te ap vire an boucle sou ekran ki nan fon sèn nan.
Chansyon Koupab, entèprete an diyo ak Bedjine (Marie Bedjine Love David), te pote anvians sal la nan paroksism lan lè l te reveye antouzyas piblik la. Richard Cave te pwofite moman eforik sa a pou fèmen show li ak « Are you ready » de CARIMI ki te kreye yon anvians kanaval nan MTelus anvan li te anonse fen konsè li a. Li te envite fanatik li yo nan tout gwo vil dyaspora ayisyen pou yo rete alafít anonsman yo.
