Intexto

Repentigny/Lekòl L'Horizon : yon dizèn arestasyon, men….

Jean Numa Goudou ·

Idantite moun sa yo pa t divulge paske dosye yo pral soumèt bay Direktè Poursuit Kriminèl ak Penal la.

Repentigny/Lekòl L'Horizon : yon dizèn arestasyon, men….
Altèkasyon devan depanè a ak granmoun nan — capture d'écran

Sèvis Polis Vil Repentigny an (SPVR) anonse yo te arete uit moun nan dosye altèkasyon yo ak elèv lekòl l'Horizon yo ak yo pral arete yon nevyèm moun tou, selon enfòmasyon Vil la ak sèvis polis li a bay.

Yo pa revele idantite moun sa yo akòz dosye yo ap soumèt nan men Direktè Pouswit Kriminèl ak Penal la.

"Akizasyon yo nan dosye yo ale depi entimidayon jiska aselè, ag vyolan ak deranje lapè a", dapre yon kominikè kout SPVR ak Vil Repentigny an pibliye ki di yo "p ap fè ankenn kòmantè sou dosye sa a ankò".

Sepandan, sou paj Facebook li a, mè Nicolas Dufour pale sou bagay la. "Se poutèt sa, nan kous senmèn nan, nou te mande nou fè atansyon ak respekte travay polisye yo", li ekri.

"Kounye a, jistis la ap swiv kous li. Mwen raple nou selon Konstitisyon Kanadyen an ak prensip separasyon pouvwa yo, se pa yon minitsipalite ki detèmine Kòd kriminèl oswa penal la", mè a konkli nan pibliye pa li a.

Videyo a Altercation repentigny.mp4

Nan videyo k ap sikile sou rezo sosyal yo, yo pran tou pre École secondaire L'horizon, nan katye Le Gardeur la, nou wè yon gwoup jenn yo ap pwoche nan depo a ki anfas etablisman lekòl la.

Nou wè yon granmoun soti nan kòmès la e li pran yon jenn Métis la nan kòl li. Depi lè sa a jenn nan agripi granmoun nan tou nan yon altèkasyon. Lòt jenn yo te mele yo tou nan bagay la yo atake granmoun nan ak vyolans, yo fòse li lage jenn nan.

Apre sa, tout jenn yo ki te nan altèkasyon an retire yo, nou ka wè nan videyo a.