Intexto

Polis ak rasis nan SPVM: Repentigny refize fè kòmantè

Jean Numa Goudou ·

De nan twa kò polis nan gran rejyon Montréal la, sa vle di Laval ak Longueuil, montre yo ouvè pou kolabore nan yon ankèt piblik apre revelasyon yo sou rasis ki genyen nan PDQ-39, nan Montréal-Nord. Repentigny refize fè okenn kòmantè sou sijè a.

Polis ak rasis nan SPVM: Repentigny refize fè kòmantè
83 % nan jèn Nwa yo deklare yo te sibi diskriminasyon akòz idantite yo. — J N Goudou

De twa kò polis nan gran rejyon Montréal a, de ladan yo, swa Laval ak Longueuil, montre yo ouvè pou kolabore nan yon ankèt piblik apre revelasyon rasism nan PDQ-39, nan Montréal-Nord. Repentigny refize fè okenn kòmantè sou sijè a.

Nan yon konferans pou laprès, kèk jou apre revelasyon rasism nan PDQ-39, prezidan Sommet afro a (88 òganizasyon dirije pa Nwa), Édouard Staco, te reklame yon ankèt piblik sou SPVM men tou sou « tout kò polis québécois kondane pa yon tribinal pou pwofilaj rasyal ».

« Vil Repentigny pa pral reponn okenn demann medya sou sijè sa a », kabinè mer Nicolas Dufour ekri nou nan yon imèl, pandan ke Sèvis polis aglomérasyon Longueuil (SPAL) « ap ofri tout kolaborasyon li, si sa nesesè ». Laval menm vante tèt li dèske li te pran inisyativ nan domèn sa a.

Laval, san di anyen

San li pa rekonèt eksplisitman ka rasism nan sèn li, Sèvis polis Laval (SPL) afime ke « dosye sa yo pran an chaj pa envestigatè Biwo nòm pwofesyonèl yo ki asire swivi nesesè yo pou fè limyè sou denonsiasyon yo ». SPL ajoute ke li gen yon pwogram Justice ak ekite, ki konkretize vizyon li sou pwoksite, enklizyon ak konfyans anvè popilasyon lavalwa a.

De bò pa li, SPAL di ke li gen mekanis entèn ak ekstèn ki pèmèt sitwayen yo, menm jan ak manm pèsonèl la, « pou siyal oswa denonse nenpòt sitiyasyon ki konsidere pwoblematik, kit li lye ak pwofilaj, rasism, diskriminasyon oswa nenpòt lòt konpòtman ki pa apwopriye ».

Anplis, SPAL gen yon Divizyon nòm pwofesyonèl, ki gen manda espesyal pou mennen ankèt sou kalite sitiyasyon sa yo.

Yon jès ki salye, men ensifizant

Sommet Jeunes Afro salye desizyon SPVM pran pou demantle inite Montréal-Nord ki enplike nan zak sa yo, yon mezi ki temwaye gravite fè ki revele yo. Sepandan, zak rasist, degradan ak inakseptab sa yo pa ka konsidere kòm fè izole.

Fè resan yo fè pati yon dinamik ki dokimante depi lontan pa desizyon jidisyè répété, rapò Commission des droits de la personne et des droits de la jeunesse, men tou rapò rechèch ak konsta ofisyèl ki mete an limyè persistans diskriminasyon ak pwofilaj rasyal nan kèk kò polis québécois.

Dapre yon sondaj Léger fè pami plis pase 1 400 jèn Québécois, ki gen prèske 1 000 jèn Nwa ladan : • 83 % jèn Nwa yo afime yo te viv diskriminasyon akòz idantite yo ;

• 66 % deklare yo te sibi tretman enjis nan entèraksyon yo ak sèvis piblik yo, kont 29 % nan lòt jèn Québécois yo.

Komisyon ankèt la ki reklame a ta dwe dapre Sommet afro :

• fè tout limyè sou wotè diskriminasyon ak pwofilaj rasyal nan kò polis ki vize yo ;

• idantifye kòz sistemik yo ;

• fòmile rekòmandasyon konkrè pou ranfòse dirableman konfyans piblik la anvè enstitisyon polis yo.

« Done yo san ekivòk. Lè yon majorite jèn Nwa rapòte yo te viv diskriminasyon ak tretman enjis nan relasyon yo ak enstitisyon piblik yo, nou gen responsabilite kolektif pou aji, nan echèl pwovens lan.

Zak rasist ak degradan ki revele dènyèman yo raple nou ijans pou konprann, korije ak prevni sitiyasyon ki minen konfyans anvè enstitisyon nou yo », endike nan yon kominik Édouard Staco, prezidan Sommet Jeunes Afro a.

Anpil lòt òganizasyon kominotè tankou RIIOH ak fòmasyon politik tankou Parti libéral du Québec (PLQ) reklame deklannchman ankèt piblik sa a.

Sou Sommet Jeunes Afro

Sommet Jeunes Afro (Sommet sosyo-ekonomik pou devlopman jèn kominote nwa yo) se yon rezo inovatè plis pase 80 manm ki ba li misyon pou kontribye nan esò ekonomik ak sosyal Québec, an konsantran li espesyalman sou apò jèn kominote nwa yo.