«Le Syndrome du Transplanté», pou libere lespri
Rédaction Intexto ·
Yon vant siyati pral fèt le 12 septanm nan Maison d'Haïti, swivi pa yon kolòk ki pral kòmanse a 15h jouk 21h.

Le Syndrome du Transplanté ekri nan domèn antropoloji analitik epi li propose yon lekti renuvle nan dispozitif ak mekanis istorik trafik nèg, kolonizasyon ak esklavaj, soti nan yon kad teyorik plidisiplinè.
Otè a egzamine nan liv sa a konstitisyon yon sijè transplante, sa vle di yon moun ki depòsede referans senbolik orijinèl li yo epi ki oblije rekonstri idantite l nan yon anviwònman ostil.
Lè l mobilize akonplisman resan epijenetik, tèks la analize transmisyon entèjenerasyon traomatism kolektif yo epi li mete an limyè fòmasyon agregat psikosomatik espesifik pou popilasyon afrodesandan yo. Mak byolojik ak sikolojik sa yo artikile ak yon lekti kritik teyori postkolonyal yo, etid memwa, ak apwòch sikolojik vyolans ak divèjans.
Ouvraj la propose konsa yon konseptwalizasyon solid nan mekanis dominasyon enteryorize, dezantremanidentitè ak mòd sibjectivizasyon enpoze nan sosyete post-esklavajis yo.
Li eskise finalman kondisyon yon vrè dekolonizasyon mantal, ki konprann kòm yon pwosesis restriktirasyyon konyitif, senbolik ak epistemik, ki kapab opere yon rekonfigirasyon dirab nan rapò ak tèt pwòp, ak istwa ak ak mond lan.
Si w ap chèche yon ouvraj ki eksplike, ak klète, kote blesi istorik nou yo soti ak kijan yo toujou enfliyanse sosyete nou jodi a, liv sa a se yon bagay ou pa kapab rate.
Atravè yon analiz rigoure, otè a remonte nan orijin trafik nèg, transplantasyon ak esklavaj, li dekouvri mekanis traomatism kolektif la epi li propose sitou yon wout pou konprann, geri epi avanse.
Se yon liv ki fè reflechi. Se yon liv ki bouskile. Se yon liv ki delivre.
Byografi
Alin Louis Hall se yon kronike regilye nan prensipal jounal ayisyen an, Le Nouvelliste. Li te ekri anpil sou sendwòm estrès post-traomatik ki lye ak esklavaj (SSPT) ak tou sou sikopatologi ki afekte Afrodesandan yo.
Li te devlope tou teyori sendwòm transplantasyon an ak diside konyitif la. Otè pwolifik, li te pibliye an 2014 « La Péninsule Républicaine », premye esè istorik li sou kontribisyon Péninsule sid Ayiti a nan premye eksperyans otodeterminasyon Afrodesandan yo sou kontinan ameriken an.
An 2021, li te ko-ekri « Plus de cinq cents ans d'Histoire » avèk plizyè ekriven ak istoryen renome.
Li fèt Okap-Ayisyen, li pase timoun li nan vil Okay epi adolesans li Pòtoprens.
Ansyen jesyonè pòtfòy, li gen plis pase 25 ane eksperyans nan sektè finans, bank ak sèvis finansye yo. Li se titilè sètifikasyon CFP® (Certified Financial Planner) ke CFP Board of Standards delivre, yon lisans an syans nan finans avèk yon espesyalizasyon an ekonomi soti Nova Southeastern University ak yon mètrize an syans nan finans soti Florida Atlantic University.
Li se aktyèlman analiz risk kredi nan konte Palm Beach, kote li rezide.
