Kijan pou « jwenn, bloke, denonse » fwòd nan imigrason an
Lucmane Vieux ·
Kounye a gen yon ankèt k ap fèt konsènan plis pase 95,000 ka fwòd, yo refize plis pase 95,000 demann akoz fo deklarasyon.

Nan okazyon Mwa Prevansyon Fwòd nan Imigrasyon an, gouvènman Kanada a ap rele tout moun pou ede yo "rekonèt, bloke epi denonse" fwodè yo. Ak evolisyon teknoloji yo, minis Imigrasyon an obsève ke "fwodè yo ap jwenn nouvo fason pou yo eksplwate moun ki vle vini nan Kanada".
"Mas se Mwa Prevansyon Fwòd la, yon moman pou nou mete aksan sou enpòtans pou nou pwoteje moun yo ak prezève entegrite sistèm imigrasyon Kanadyen an", se sa li di nan yon kominikasyon.
Plizyè siy fwòd
• Presyon pou aji rapidman, mande gwo kantite lajan kontan ak rezilta garanti. Pesonn pa kapab pwomèt yon viza oswa yon tretman pi vit.
• Reflechi anvan ou aji. Verifye enfòmasyon an sou canada.ca oswa nan kanal ofisyèl IRCC yo, ak konfime reprezantan imigrasyon ou an otorize vrèman.
• Rapòte fwòd la. Vizite sit entènèt IRCC a, kominikasyon ak Sànt Anti-fwòd Kanada a, epi tou pataje enfòmasyon an ak fanmi ou ak zanmi ou yo.
kek mèzi yo te pran nan 2025.
Gouvènman an afème li te entrodwi nouvo mezi nan domèn imigrasyon an nan pwojè lwa C 12 la pou yo ranfòse sekirite nan fwontyè yo ak anpeche yo itilize sistèm imigrasyon ak azil yo mal.
Aktyèlman gen yon ankèt k ap fèt konsènan plis pase 95 000 ka fwòd, nan refize plis pase 95 000 demand yo pou kòz fo deklarasyon. Dè milye vizitè ki pa otantik yo entèdi yo antre nan Kanada chak mwa pou yon peryòd ki ka rive jouk 5 ane.
Ottawa ap pran medya sosyal yo tou nan kad yon kanpay ki vize ede rekonèt blofe yo ki gen rapò ak viza yo ak konprann konsekans fwòd yo, sa rive touche yon odyans nan plis pase 30 peyi.
Ranfòseman pwosè verifikasyon viza vizitè yo ak zouti yo itilize pou sa a, te kontribye nan yon diminisyon 56% nan demand azil yo te prezante nan men moun ki gen viza vizitè.
Gouvènman an te mete nouvo règ ki vize pini reprezantan peye yo ki vyole lalwa a, tankou sanksyon lajan ki ka rive nan 1.5 milyon dola pou te fè fo deklarasyon sou yo menm oswa sou kliyans yo.
Kolèj la patisipe
"Nou ap ogmante tou kantite mesaj prevansyon fwòd yo pandan Kanada ap prepare pou ko-resevwa Koup Mondyal FIFA a ak resevwa dè dizèn de milye vizitè", minis Imigrasyon an endike.
Kolèj Konsèy nan Imigrasyon ak nan Sitwayènte (Kolèj la) patisipe nan kanpay kont fwòd la tou ki k ap fèt sou wèt semèn ak nan plizyè lang.
"Fwòd imigrasyon an kapab difisil pou detekte" se tèm pwomosyon an. "Mesaj nou an senp: si ou chwazi itilize yon konsèy imigrasyon, gade Rejis Piblik Kolèj la pou ou asire li gen yon pèmi nan men Kolèj la", Kate Lamb, prezidan ak chef egzekitif entèrim nan te endike.
"Sa a se youn nan fason ki pi efikas yo pou pwoteje kont fwòd imigrasyon an, sa ki kapab gen repèkisyon dezas sou nouvo rive potansyèl yo ki gen espwa etabli nan Kanada."
Kolèj la se òganizasyon ofisyèl reglèmantasyon konsèy imigrasyon ak sitwayènte Kanadyen yo nan lemond antye.
