Dwa Nwa nan endistri sinema Kanada
Lucmane Vieux ·
La 12yèm edisyon pwogram « Être Noir.e au Canada » Fondation Fabienne Colas lan ap lanse apèl kandida pou edisyon 2026 la.

12yèm edisyon pwogram « Être Noir.e au Canada » Fondasyon Fabienne Colas la lanse apèl kandida pou edisyon 2026. Prezante avèk sipò NETFLIX, Banque Nationale, Téléfilm Canada, Conseil des Arts du Canada ak plizyè patnè lokal, pwogram nan ap aksepte jiska 21 sineast nwa pwomèt ki soti nan 6 vil kanadyen: Calgary, Halifax, Montréal, Ottawa, Toronto, ak Vancouver.
Kandida yo gen jiska 25 avril 2026 pou aplike epi se sèlman moun ki seleksyone yo ki ap kontakte. Sineast emèjan (ki gen plis pase 18 an) ki soti nan kominote nwa yo ap benefisye yon ankadrement sou diferan etap redaksyon senarid dokimantè ak pwoduksyon odyo-vizyèl (senarizasyon, reyalizasyon, montaj, elatriye) nan bi pou yo ekri epi reyalize yon koutmetraj dokimantè anba sipèvizyon pwofesyonèl endistri a.
Ane sa a, Fondasyon an ogmante kritè laj pou patisipasyon nan pwogram nan. Konsèy dza yo evolye pa rapò ak kesyon atis emèjan yo. « Anvan se te yon kesyon laj, jounen jodi a se yon kesyon pratik atistik », souliyen Fabienne Colas nan yon entèvyou ak In Texto. Nou remake ke ou dwe gen mwens pase 5 an pratik atistik pou yo konsidere ou kòm atis emèjan jounen jodi a, kèlkeswa si ou gen 70 an.
Patisipan 2026 yo ap prezante fim yo an premyè mondyal an 2027 nan Festival du Film Black de Toronto, apre sa nan Festival du Film Black d'Halifax, Festival international du Film Black de Montréal, epi Festival de Film Black d'Ottawa, de Calgary ak de Vancouver. ÊTRE NOIR.E AU CANADA Fondasyon Fabienne Colas la reprezante pi gwo enkibatè Kanada a, ki antyèman dedye ak sineast nwa yo.
Inisyativ ak festival sa yo te pèmèt prezante ak sipòte plis pase 10 000 atis epi atire plis pase 2 milyon moun nan festival yo. Depi 12 an, anpil nan yo te fè chemen nan metye a.
« Nètalkole !, eksklanme Fabienne Colas, pami jèn sa yo, gen ki te genyen ekilavan Pri Oscar kanadyen an, sa vle di « Les prix écrans canadiens », Pri Gémeaux relève, gen ki ap reyalize tele-seri avèk CB Radio-Canada ak lòt ».
Nan kad inisyativ Jènès ak Divèsite Fondasyon Fabienne Colas la, pwogram Être Noir.e au Canada FFC a te kreye pou konble mank flagran divèsite ak mank Nwa devan ak dèyè kamera au Canada. Fonde an 2012, premye koòt la te lanse an 2014.
Pwogram nan bay vwa ak platfòm kreyatè ki pa ta wè oswa tande lòt jan. Fondasyon an pwomou aktivman egalite chans pou pwofesyonèl sinema black yo pandan li ankouraje Divèsite sou ekran nou yo ki prezante malerezman kontni twò blan pou yon sosyete ki vrèman divèsifye.
