Debat sou sante mantal Nwa yo nan Repentigny
Rédaction Intexto ·
« Sante mantal la pa ka konprann andeyò kontèks li » - Dre Michael Obas, sikològ.

Òganis LAKAY te fè, nan Repentigny, jedi sa a, yon atèlye ki adrese intervenant yo nan Lanaudière, sou enjeu espesifik kominote nwa yo ap viv. Aktivite sa a fè pati pwojè LAKAY ki finanse pa Gouvernement du Canada, atravè pwogram federal « Promouvoir l'équité en santé : Fonds pour la santé mentale des communautés noires ».
Pwogram nan sipòte inisyativ kominotè ki adapte kiltirelman, ki vize amelyore aksè ak ekite nan sante mantal pou moun nwa yo. Anime pa Dre Michael Obas, sikològ, reyinyon an te rasanble pwofesyonèl ki soti nan diferan domèn pou reflechi sou pratik entèvansyon yo epi ranfòse zouti ki disponib sou teren an.
Nan kè echanj yo : reyalite chak jou moun nwa yo fè fas ak baryè aksè a sèvis yo, stigmatizasyon an, ansanm ak efè rasisn sistematik sou byennèt sikolojik yo. Konferansyèz la te mete aksan espesyalman sou enpòtans entèvansyon ki sekirizan kiltirelma, ki kapab rekonèt dimansyon sosyal, istorik ak kiltirèl ki fòme ekspresyon soufrans lan, konfyans anvè enstitisyon yo ak chimen swen an.
« Sante mantal pa ka konprann andeyò kontèks li. Nou pa ka separe soufrans endividyèl la de kondisyon kolektif ki alimante li : eksperyans diskriminasyon, estrès kronik, izolman, presyon pèfòmans, oswa dèy migratwa », te raple Dre Obas, pandan l t ap envite milye yo adapte apwòch yo pou pi byen jwenn moun ki konsène yo.
Pou LAKAY, atèlye a fè pati yon volonte pi laj pou fòme, sensibilize ak ekipe milye entèvansyon nan rejyon an, pou sèvis ki ofri yo ka pi aksesib, pi imen ak pi pètiran pou tout popilasyon an, konfòmeman ak objektif pwogram federal la.
« Nou te santi yon vrè ouvèti nan intervenant yo maten an. Lè nou pale de sante mantal kominote nwa yo, nou pale tou de konfyans, dignite ak sekirite kiltirèl. Objektif nou, se kreye pon ant kominote a ak sèvis yo, pou moun pa oblije chwazi ant rete silansye oswa santi yo pa konprann. Atèlye sa a, ki finanse grasa sipò Gouvernement du Canada, se yon pa konkrè vè pratik ki pi jis ak pi efikas nan Lanaudière. » - Pierre Richard Thomas, direktè LAKAY.
LAKAY kontinye angajman li pou ranfòse kapasite milye yo ak sipòte yon apwòch sante mantal ki rekonèt reyalite viv kominote yo, pandan l ap favorize kolaborasyon ant òganis kominotè yo ak sèvis pwofesyonèl yo.
