Intexto

Carlo Vieux ap pran poul Monreyal la anvan konsè li a 2 me a

Pierre-Phaill Goudou ·

Atis la ap fè yon konsè nan MTelus ak ansyen patnè li nan CARIMI a, Mikael Guirand, kòm envi.

Carlo Vieux ap pran poul Monreyal la anvan konsè li a 2 me a
Carlo Vieux — courtoisie

Atis la te pale ak operatè kiltirèl yo nan Montréal sou premye konsè li nan MTelus mwa k ap vini an.

Chantè a te rankontre admiatè li yo, jounalis yo, animatè yo, pwomotè yo ak operatè kiltirèl yo nan kad yon Meet and Greet yo te òganize nan restoran "3 Pierres 1 feu" a, nan Montréal nan kòmansман aswè jedi 16 avril 2026 an.

Inisyativ sa a se nan kad efò yo k ap fè pou retabli lyen yo ak piblik Montréal la nan pèspektiv yo pou yo lanse tounèn li an: "Carlo Retounen, tour 2026" nan MTelus, 2 me k ap vini an.

Se te yon okazyon pou atis la kab diskite ak echanje ak envite li yo sou jan yo apresye premye albòm li a ki gen 13 chan "Carlo retounen". Chantè a te pale tou ak admiatè li yo ak kèk jounalis sou sa yo ap tann nan premye konsè li kòm lead vocal.

Jounalis yo, animatè radyo yo, kreayè kontni sou rezo sosyal yo ak fanmi Carlo yo te pran okazyon an pou yo echanje ak atis la sou tout kesyon ki gen rapò ak pase li nan gwoup CARIMI a ak nouvo direksyon li vle bay karyè mizik li an.

Carlo Vieux ki te gen ak li manager li a, Power Surge (Serge Turnier) te pwomèt yon eksperyans yo p ap janm bliye bay piblik MTelus la 2 me k ap vini an.

Atis tankou Mikael Guirand, Paska ak Marvin ap invite Carlo yo nan konsè sa a ki pwomèt li ap fenomenal.