Intexto

Antèrman Larose nan plis gwo entimidte a Montreal

Pierre-Phaill Goudou ·

Seremoni an te fèt an prezans pitit li yo, pitit pitit li yo ak pitit pitit pitit li yo.

Antèrman Larose nan plis gwo entimidte a Montreal

Nan pi gwo entimlte, antèman selèb chantè Joseph Dieudonné Larose te fèt mèkredi 21 janvye 2026 nan Monreyal, Kanada. Seremoni an te fèt an prezans pitit li yo, ti pitit li yo ak ti pitit pitit li yo. Madanm li ak plizyè ansyen konkibin li yo te patisipe nan seremoni an tou.

Yo te fòmèlman entèdi pran foto nan seremoni an kote òganizatè yo te menase pou yo konfiske aparèy elektwonik patisipan yo. Menm a tit prive ak pèsonèl, pa gen okenn souvni ki rete nan antèman Dieudonné Larose, eksepte nan memwa moun ki te asiste nan obsèk yo.

Se sèlman de zanmi chantè a, animatè Radyo Bernier Sylvain ak operatè kiltirèl Louis Bédard Joasil, ki te patisipe nan obsèk yo.

Yo te respekte dènye volonte chantè a yon fason estrikt konsènan antèman li ke li te pran lapenn planifye pandan li te vivan.

Nan plizyè entèvansyon piblik, Joseph Dieudonné Larose te eksprime yon sèten desepsyon pa rapò ak endiferans yon pati nan sosyete a anvè li. Chantè a te toujou di li pa t vle ipokrit ki nan je yo, li pa t gen okenn valè pandan li t vivan, vini pwofite nan antèman li pou fè grandizè.

Se yon chapèl prive ki te resevwa seremoni relijye a ki te prezide pa yon prèt katolik. Antèman an te fèt nan yon mozelè nan Monreyal.

Chantè Dieudonné Larose te mouri vandredi maten sa a nan Monreyal nan laj 70 an. Animatè radyo Bernier Sylvain te konfime nouvèl la bay In Texto, sitant yon sous tou pre fanmi an.

Ansyen chantè Shoogar Combo, DP Express ak espesyalman Missile 727 te soufri yon kansè pwòstat.

Yo te opere li nan yon lopital Monreyal, men kò atis la pa t byen reponn ak tretman ki te suiv yo.

Dieudonné Larose te dwe resevwa yon pri nan men fanmi Nelson Mandela ane sa a pou chante li « Olala Mandela », ki te rann oMAJ a ansyen prezidan Sidafrik la.

Men, kondisyon sante atis la pa t pèmèt li vwayaje nan Afrik.