Intexto

Akademi lidèchip Mandela : jiska $ 1000 nan bous

Rédaction Intexto ·

Edisyon 2026 la pral dewoule nan Collège André-Grasset nan Montréal soti 20 jiyè rive 8 out 2026.

Akademi lidèchip Mandela : jiska $ 1000 nan bous
Edisyon 2026 la ap fèt nan Collège André-Grasset nan Montréal soti 20 jiyè rive 8 out 2026 — courtoisie

5yèm edisyon Akademi lidèchip Louverture-Mandela (ALLM) lan fèk lanse. Se yon pwogram ete gratis twa semèn ki destine pou elèv Segondè 3, 4 ak 5 Montréal. Kandida yo ka poze demann yo kounye a epi yon pwosesis seleksyon ap fèt.

Patisipan ki pral reyisi eprèv sa yo ap resevwa yon bous ki varye ant 250 $ ak 1 000 $, an rekonesans angajman yo nan pwogram nan. Pou raple, edisyon 2026 la ap dewoule nan Collège André-Grasset Montréal soti 20 jiyè rive 8 out 2026.

Jèn ki enterese yo ka depoze kandidati yo isit la : https://www.jotform.com/221334388364256

Pandan kat dènye edisyon yo, 132 jèn te patisipe nan Akademi an, kote yo te devlope konpetans an lidèchip, te rankontre mentò ak te reyalize pwojè ki gen yon enpak pozitif nan kominote yo.

Inisyativ sa a te vin posib grasa sipò patnè angaje, espesyalman Fondation Hewitt, Fondation Lino et Mirella Saputo, Banque Nationale, Sommet Jeunes Afro, La Caisse ak Collège André-Grasset.

Pou nenpòt kesyon : boursiers@fonds1804.org.