7yèm edisyon Absolument Femmes nan sèt aktivite
Pierre-Phaill Goudou ·
Yo te òganize seyans deba, kozri, ekspozisyon, konsè, atelye ekriti ak projeksyon nan Montréal pou atire atansyon kominote a sou travay fanm yo nan diferan domèn.

Depi 7 an, Compagnie Théâtre Créole ap mete an valè epi onore travay, talan, kouraj ak fòs fanm yo atravè inisyativ Absolument Femmes, yon espas ki louvri pou tout fanm atis, artizàn, antreprenè ak pwodiktris pandan twa jou.
Ane sa a, aktivite yo te lanse nan soirée vandredi 6 mas la ak yon cocktail byenveni ki te swiv pa yon atelye ekriti. Jouk dimanch dènye, dat ki make jounen entènasyonal dwa fanm nan, aktivite atistik, sosyal ak kiltirèl yo te kontinye nan kad inisyativ sa a ki te mete aksan, ane sa a, sou wòl lati kòm zouti revandikasyon ak ekite sosyal.
Yo te òganize séans deba, causerie, ekspozisyon, konser, atelye ekriti ak pwojeksyon nan Montréal pou atire atansyon kominote a sou travay fanm yo nan diferan domèn. Maison des Sports et du Loisir te resevwa, nan 2yèm jounen an, yon dizèn fanm antreprenè ak pwodiktris ki te ekspòze pwodui atizanal ak agrikòl yo.
Antrepriz démarrage ke fanm ayisyèn te fonde tankou « Dremayli » ak « Dala's AgriPro » te fè plis vant epi yo te vin pi vizib pandan ekspozisyon sa a ki te vize ankouraje inisyativ fanm yo nan domèn antreprenèrya.
Nan soirée samdi a, yon gran konser te reyini 3 chantèz talan kote reputasyon yo pa bezwen pwouve ankò. Se sal Mirella et Lino Saputo ki te resevwa Asaf, Tamara Suffrin ak Barbara Guillaume ki konnu pou angajman li kòm chantèz. Twa chantèz akonpli yo te bèse zòrèy yon piblik selèk, gras ak nòt ki jis, yon fò prezans senik ak kreyativite yo sou sèn nan.
Se chantèz Asaf ki te ouvri konser a. Li te kapab, tousuit, jwenn koneksyon emosyonèl ak piblik li a gras ak kalite vwa li ak fason patikilye li entèprete chante ki te make mizik ayisyèn nan.
Answit se te tou chantèz ak militan feminis, Barbara, ki fèt Rebecca Marie, Guillaume ki te fè sal la vibire ak pisans vwa li ak prezans senik li. Konnu pou batay li nan favè kòz fanm, Barbara Guillaume ki te rete lwen sèn nan depi plizyè ane te mete aksan sou wòl fanm nan evolisyon mond lan.
Entèpretasyon yon medley ki te reyini chante tradisyonèl yo « Ayiti cheri, Panamam tonbe, Ti fi ki pa konn lave pase, tradui an, Gason ki pa konn fé manje » te yon moman fò nan prestasyon Barbara Guillaume.
Tamara Suffrin ki te klotire konser a pa kite okenn dout sou talan li kòm chantèz akonpli, kapasite li pou kominike ak piblik la ak maîtrise li sou sèn nan. Li te entèprete chante ki soti nan dènye album li yo tankou « Bonjou ak Pale Kreyol » ki te fè plezi asistans lan. Entèpretasyon chante « Fanm Peyi'm » Ansy Derose a ki ap vante kalite fanm ayisyèn te transfòme eta emosyonèl piblik la ki te chante an kè ak chantèz la nan yon kominyon ki ra.
Enstrimentis David Mobio (keyboard), Watson Joseph (basse), Assane Seck (Guitare) ak Wess Beaudry (Batterie) ak Cinthia Michel nan chorale a te fè yon travay remakab nan akonpaye twa chantèz yo.
Konser memorab sa a ki te reyini sou sèn Asaf, Barbara Guillaume ak Tamara Suffrin te ye klou wikenn selebrasyon jounen entènasyonal dwa fanm nan Montréal.
7yèm edisyon Absolument Femmes te fini nan sal Petit Auditorium Collège Maisonneuve, dimanch 8 mas. Ri a te la ak Garihanna Jean Louis ak Cynthia Jean Louis nan « Humour pour un soir ».
