Viris respiratwa sentisyal (VRS):sa ou dwe konnen?

Viris respiratwa sentisyal (VRS) se yon viris ou jwenn tout koté ki lakoz enfeksyon respiratwa, espesyalman lakay tibebe, timoun piti, ak granmoun aje.
VRS la pwopaje sitou nan gout ki soti nan bouch yon moun ki trape virus la et ki ap touse oswa etènye. Li kapab tou viv lontan yon kote ki kontamine epi li ka transmèt nan kontak dirèk.
Sentòm VRS yo ka varye soti nan tou piti rive nan grav e yo ka gen ladan nen bouche, tous, souf anlè, lafyèv, ak difikilte pou respire. Lakay tibebe ak timoun piti, sentòm yo ka pi grav, e yo ka mennen nan bwonkyolit oswa nemoni.
VRS pi komen pandan mwa otòn, sezon fredi, ak prentan nan zòn tanpere. Epidemi yo ka varye nan entansite chak ane.
Tibebe ki fèt twò bonè, tibebe ki poko gen sis mwa, timoun ki gen maladi kè oswa maladi poumon kwonik, ansanm ak granmoun aje oswa moun ki gen sistèm iminitè fèb, yo gen yon gwo risk pou konplikasyon grav akòz VRS, kidonk li enpòtan pou konsilte yon doktè si ou wè sentòm yo epi konsidere vaksen kont viris sa a si ou fè pati gwoup ki gen risk.
Vaksen yo disponib pou pwoteje granmoun aje, ak pou vaksinen fanm ansent pou pwoteje tibebe yo.
Li enpòtan pou konsilte yon doktè si ou sispèk yon enfeksyon ak VRS, espesyalman lakay tibebe ak timoun piti, pou jwenn konsèy sou kijan pou jere sentòm yo epi evite konplikasyon.
teks sa se

ki peye poul pasé.



